Pawòl Lavi a

17
Pawòl Pawòl Lavi a Lavi a Janvye 2010 Janvye 2010

description

Pawòl Lavi a. Janvye 2010. - PowerPoint PPT Presentation

Transcript of Pawòl Lavi a

Page 1: Pawòl  Lavi a

Pawòl Pawòl

Lavi a Lavi a Janvye 2010Janvye 2010

Page 2: Pawòl  Lavi a

Depi 18 rive nan 25 janvye, anpil kote sou tè a, yo konn fè Semèn lapriyè pou tèt ansanm nan kapab rive nan mitan kretyen yo alòske lòt kote yo, yo konn fè l nan fèt Pannkot

la. Jan nou kapab sonje, Kyara te konn ekri sou pawòl labib yo tap chwazi nan

okasyon sa pou Pawòl Lavi mwa sa.

Nan lane sa, pawòl labib ki pou Semèn lapriyè a se « 

Nou temwen tout bagay sa yo » (Lk 24,48).

Pou ede nou viv li, nap pwopoze envitasyon Kyara fè n, kretyen yo, pou n tounen

ansanm temwen prezans Bondye nan mitan moun

yo.

Page 3: Pawòl  Lavi a

« Bondye va abite avèk yo; y ap pèp li » (Ap 31,3). 

Page 4: Pawòl  Lavi a

Pawòl Bondye mwa sa vin chèche kè nou. Si nou vle patisipe nan pèp li a, nou bezwen kite l viv nan mitan

nou.

Page 5: Pawòl  Lavi a

Men kijan sa kapab fèt epi kisa pou n fè pou nou kapab goute yon ti kras depi sou tè a kè kontan kap vini ansanm ak prezans li a?

Page 6: Pawòl  Lavi a

Se sa menm Jezi te vle montre nou. Se pou sa menm li te vini sou tè

a : ba nou lavi renmen li genyen avèk Papa l pou nou kapab viv li

nou menm tou.

Page 7: Pawòl  Lavi a

Dapre Bazil, se viv dapre sa Bondye vle,

Deja nou menm kretyen yo, nou kapab viv pawòl sa pou Bondye kapab viv nan mitan nou. Men pou li nan mitan nou sa mande kèk kondisyon tankou premye monseye

legliz la yo te di nou.

dapre Teodòr Stidit, se youn renmen lòt

dapre Jan Krizòstom, se renmen tankou Jezi te renmen,

epi dapre Orijèn, se menm lide ak menm santiman antre nou pou n rive jwenn antant k ap « met tèt nou ansanm kote Pitit Bondye a ye »

Page 8: Pawòl  Lavi a

Nan lanseyman Jezi te ba nou genyen mwayen pou

Bondye kapab abite nan mitan nou : « se pou nou

youn renmen lòt jan mwen te renmen nou an »

(Jn 13,34) Youn renmen lòt la se mwayen pou Bondye nan mitan nou : « Si nou youn renmen lòt,

Bondye rete nan nou » (1Jn 4,12) paske Jezi di : 

« Kote de oubyen twa moun rasanble sou non mwen, mwen la nan mitan yo » (Mt 18,20).

Page 9: Pawòl  Lavi a

« Bondye va abite avèk yo; y ap pèp li » (Ap 31,3). 

Page 10: Pawòl  Lavi a

Kidonk, li pa si tèlman lwen epi li pa enposib pou nou rive jwenn jou sa kote Ansyen Kontra va reyalize tout pwomès li yo : « Se nan kay mwen map viv avèk yo. Se

mwen menm kap Bondye yo. Yo menm se pèp mwen an yap ye” (Ez 37,27).

Page 11: Pawòl  Lavi a

Tout bagay sa yo

deja reyalize

nan Jezi,

apre tan li te pase

sou tè a, li

kontinye la nan

mitan moun kap

viv dapre

kòmandman nouvo youn

renmen lòt kap fè

yo tounen

yon pèp, pèp

Bondye a.

Page 12: Pawòl  Lavi a

Kidonk Pawòl Lavi sa envite nou, kretyen yo, montre prezans Bondye a dapre renmen nou genyen an. « Se nan sa tout moun ap rekònèt se patizan m nou ye, si nou gen renmen youn pou lòt. » (Jn 13,35). Si nap viv kòmandman nouvo a,

se kondisyon pou Jezi reyalize prezans li nan mitan moun yo.

Page 13: Pawòl  Lavi a

Sèke nou pa kapab fè anyen si prezans sa pa la. Se prezans sa ki bay sa Jezi te vin pote pou tout moun sou tè a

sans : prezans Bondye nan mitan frè yo.

Page 14: Pawòl  Lavi a

« Bondye va abite avèk yo; y ap pèp li » (Ap 31,3). 

Page 15: Pawòl  Lavi a

Menm si se nan divès kòminote legliz nou ye, se nou menm, kretyen yo, ki bezwen fè tout moun sou tè a wè se yon sèl pèp nou ye ki gen tout kalite lang, ras ak kilti anndan li, kit se moun ki gwo kit se moun ki piti, kit se moun ki malad kit se moun

ki anfòm. Yon sèl pèp moun yo kapab di sou yo tankou sou premye kretyen yo: « Gade kijan yo renmen

epi yo pare pou yo bay lavi youn pou lòt ».

Page 16: Pawòl  Lavi a

Se « mirak » sa tout moun yo ap tann pou yo kapab gen espwa ankò epi li nesesè pou pwojè tèt ansanm nan kapab grandi jous li rive

tout bon vre epi tout moun kapab wè li reyalize nan mitan kretyen yo. Se yon « mirak » nou kapab jwenn oubyen depreferans se Jezi, ki nan mitan patizan l yo kap viv nan renmen, ki va fè sò moun sou tè a

chanje etan lap mennen yo nan tèt ansanm.

Page 17: Pawòl  Lavi a

“Pawòl Lavi a”, se yon dokiman mouvman fokolari yo voye chak mwa.Dokiman sa Kyara Libik te ekri li nan mwa janvye 1999.

Imaj yo, Anna Lollo ansanm avèk Pè Placido D’Omina (Sisil - Itali) Yo tradwi Pawòl Lavi a nan 96 lang ak idyòm,

epi li rive jwenn kèk milyon moun tout kote sou tè a pa lentèmedyè enprimri, radyo TV

epi internèt – pou pran enfòmasyon www.focolare.org Yo tradwi PPS la nan divès lang epi yo pibliye l sou www.santuariosancalogero.org

« Bondye va abite avèk yo; y ap pèp li »

(Ap 31,3).