Pawòl Lavi a

28
Pawòl Pawòl Lavi a Lavi a Out 2009 Out 2009

description

Pawòl Lavi a. Out 2009. “Li pat manke renmen patizan-l yo ki te nan lemonn, li te renmen yo nèt ale” (Jn 13,1). Eske w konnen kilè yo prezante pawòl sa nan Levanjil la?. - PowerPoint PPT Presentation

Transcript of Pawòl Lavi a

Page 1: Pawòl Lavi a

PawòlPawòl

Lavi a Lavi a Out 2009Out 2009

Page 2: Pawòl Lavi a

“Li pat manke renmen patizan-l yo ki te nan lemonn, li te renmen yo nèt ale” (Jn 13,1).

Page 3: Pawòl Lavi a

Eske w konnen kilè yo prezante pawòl sa nan

Levanjil la?

Page 4: Pawòl Lavi a

Jan, nan levanjil li te ekri a, mete l anvan Jezi

pare tèt li pou l

lave pye patizan-l yo

epi pou l pote soufrans li

a.

Page 5: Pawòl Lavi a

Nan denye ti moman

Jezi t-ap viv ansanm

ak patizan-l yo, li montre yo yon fason ki pi

fò kalite renmen san

limit li te genyen pou

yo.

Page 6: Pawòl Lavi a

“Li pat manke renmen patizan-l yo ki te nan lemonn, li te renmen yo nèt ale” (Jn 13,1).

Page 7: Pawòl Lavi a

Pawòl “nèt ale” vle di jous nan finisman lavi li a, jous nan dènye souf li a. Men li vle di tou li te renmen yo nèt ale san pat gen okenn limit, jous nan bout nèt.

Page 8: Pawòl Lavi a

Apre Jezi rantre nan bèlte li a, patizan yo pral rete nan lemonn. Lè sa yo va santi yo poukont yo, yo va pase

anpil tray. Nan moman sa yo menm, Jezi vle pou yo sèten li renmen yo vre.

Page 9: Pawòl Lavi a

“Li pat manke renmen patizan-l yo ki te nan lemonn, li te renmen yo nèt ale” (Jn 13,1).

Page 10: Pawòl Lavi a

Eske w pa santi nan

pawòl sa kalite lavi Kris la, fason pa l

pou l renmen? Li lave pye

patizan l yo. Renmen pa l mennen l

nan sèvis sa a ki te pou

esklav yo.

Page 11: Pawòl Lavi a

Jezi t ap pare tèt li pou dram Kalvè a. Li te vle bay patizan l yo

ak tout lòt moun yo lavi li anplis pawòl espesyal sa yo, anplis mirak li yo, anplis tout sa li

te fè a.

Page 12: Pawòl Lavi a

Yo te bezwen li, pi gwo bezwen

chak moun genyen : delivre

yo anba peche a kap

pote lanmò a pou yo rantre nan syèl la kote

yo tap jwenn kè poze ak kè kontan pou lavi ki pap janm fini an.

Page 13: Pawòl Lavi a

Jezi ofri tèt li devan lanmò a

etan li tap rele Papa l ki tap lage l

jous li rive kapab di nan finisman:

« Tout fin reyalize ».

Page 14: Pawòl Lavi a

“Li pat manke renmen patizan-l yo ki te nan lemonn, li te renmen yo nèt ale” (Jn 13,1).

Page 15: Pawòl Lavi a

Pawòl sa a montre nou kijan renmen Jezi a li solid depi se renmen Bondye epi li dous tankou renmen yon

frè. Nou menm tou, paske Kris la nan nou menm,

nou kapab renmen konsa.

Page 16: Pawòl Lavi a

Men mwen pa ta vle si tèlman propoze w pou w mouri tankou Jezi ki te mouri pou lòt yo (lè tan an te vini). Mwen pa ta vle ba w modèl ki espesyal tankou Pè

Kolbe ki te mouri nan plas yon lòt prizonye ki te ansanm avè

l, oubyen Pè Damien ki te pran lalèp la nan mitan moun ki te gen lalèp epi ki te mouri ansanm ak

yo epi pou yo.

Page 17: Pawòl Lavi a

Petèt nan lavi pa w, yo pap janm mande w pou w bay lavi kò a pou frè ak sè w yo. Men ou mèt sèten sa

Bondye mande w se pou w renmen yo jous nan bout nèt dekwa pou w kapab di : “ Tout fin reyalize ”.

Page 18: Pawòl Lavi a

Se konsa ti Cetti, yon timoun italyen 11 lane, te fè. Li te wè ti zanmi ak konpay li, Giorgina, ki te gen menm laj avè l, te gen anpil kè sere. Li eseye ba li kè kontan men li pa reyisi. Lè

sa, li vle ale jous nan bout pou l konnen pou kisa kè l sere konsa.

Page 19: Pawòl Lavi a

Lè papa l te mouri, manman l te kite l nan men grann li pou l ale viv ak yon lòt gason. Cetti konprann gwo pwoblèm sa epi li deside fè kichòy. Menm si l

piti, li mande konpay li si li kapab pale ak manman l, men Georgina mande l pou l ale ansanm avè l sou

tonm papa l. Cetti swiv li ak anpil renmen epi li tande Giorgina kriye epi mande papa l pou l vin chache l.

Page 20: Pawòl Lavi a

Kè Cetti kraze. Kote sa, te genyen

yon ti legliz an movezeta, yo rantre anndan l. Sèl sa k rete se yon tabènak ak yon kwa. Cetti di konsa :

“Gade, nan lemonn sa, tout bagay va kraze, sèl sa kap kenbe se kwa sa ak tabènak

sa”. Giorgina, siye dlo nan je l epi li reponn : “ Se vre, ou gen

rezon! ”. Apre sa, Cetti ak anpil

delikatès pran men Giorgina epi yo ale

ansanm bò manman l.

Page 21: Pawòl Lavi a

Lè li rive lakay li di avèk anpil kouraj : “ Gade, madanm,

bagay sa yo se pa zafè pa m, men mwen kapab di w ou te lage pitit ou san li pa gen renmen manman li bezwen an. Epi mwen di w,

ou pap janm gen kè poze tout tan ou pap pran li

ansanm avèk ou epi w pap regrèt

sa w te fè a ”.

Page 22: Pawòl Lavi a

Nan demen, ak anpil renmen,

Cetti ankouraje Giorgina li rankontre nan lekòl la. Men gen yon bagay nouvo ki rive : yon machin vin

pran Giorgina epi se manman li kap kondwi l.

Depi lè sa, machin nan vini paske koulye a

Giorgina ap viv ansanm ak manman l ki te kite gason sa

a.

Page 23: Pawòl Lavi a

Dapre aksyon Cetti a, kit li piti kit li gwo,

nou kapab di: “ Tout bagay fin reyalize ”. Li te byen fè tout bagay, jous nan bout

nèt Li te reyisi.

Page 24: Pawòl Lavi a

Sonje yon ti kras. Konbyen fwa

ou te kòmanse ede yon moun epi w te lage l etan ou tap pe

konsyans pa w avèk yon pakèt eskiz? Konbyen

bagay ou te kòmanse avèk anpil dife nan kè w epi ou pat fini yo paske w te jwenn tray oubyen ou te

kwè pwoblèm yo te pi fò pase fòs ou ?...Men leson Jezi

ba w jodi a :

Page 25: Pawòl Lavi a

“Li pat manke renmen patizan-l yo ki te nan lemonn, li te renmen yo nèt ale” (Jn 13,1).

Page 26: Pawòl Lavi a

Se pou w fè konsa.

Epi si yon jou Bondye ta mande w lavi w vre, ou pa ta ezite fè l. Mati yo te konn ale nan lanmò

an chantan.

Page 27: Pawòl Lavi a

Epi rekonpans ou pral jwenn se pi gwo bèlte a

paske Jezi te di nanpwen pi gwo

renmen pase sila kap bay san li pou zanmi l

yo.

Page 28: Pawòl Lavi a

“Li pat manke renmen patizan-l yo ki te nan lemonn, li te renmen yo nèt ale” (Jn 13,1).

“Parola di Vita”, pubblicazione mensile del Movimento dei Focolari.Testo di: Chiara Lubich, aprile 1979.

Grafica di Anna Lollo in collaborazione con don Placido D’Omina (Sicilia - Italia)