Pwogram Tit I pou Fanmi

38
Pwogram Tit I pou Fanmi

description

Pwogram Tit I pou Fanmi. Objektif reyinyon an. Dapre dekrè 2001 Lwa Okenn timoun pa dwe rete deyè a (No Child Left Behind), yo egzije pou lekòl yo fè yon reyinyon anyèl pou eksplike epi diskite : Pwogram Tit I ak kondisyon li yo Plan/ règleman sou patisipasyon fanmi - PowerPoint PPT Presentation

Transcript of Pwogram Tit I pou Fanmi

Pwogram Tit I pou Fanmi

Objektif reyinyon anDapre dekrè 2001 Lwa Okenn timoun pa dwe rete deyè a (No Child Left Behind), yo egzije pou lekòl yo fè yon reyinyon anyèl pou eksplike epi diskite: Pwogram Tit I ak kondisyon li yo

• Plan/règleman sou patisipasyon fanmi • Kontra ant lekòl-paran • Dwa paran pou konnen

A Sipò adisyonèl• Kolaborasyon ant lekòl ak paran• Asosye nan biznis

2

Kisa Tit I an ye?Tit I se yon lajan federal ki: Bay distri lekòl yo fon siplemantè

pou ede lekòl yo dapre estati sosyo ekonomik elèv yo pou ranpli objektif akademik yo

Ede nan nivo kapasite paran ak pwofesè

Ankouraje paran yo pou patisipe nan edikasyon pitit yo  

3

Objektif Tit I Se pou asire tout timoun jwenn opòtinite pou yo resevwa yon bon kalite edikasyon epi atenn nivo preparasyon ak evalyasyon sou règleman akademik difisil eta a

4

Finansman Tit I Distri a distribiye lajan Tit I an bay lekòl

ki kalifye dapre kantite elèv ki kalifye pou reswevwa manje gratis/apri redui

Lajan Tit I dwe yon sipleman pou fon distri a

Yo dwe depanse yon montan byen espesifye nan lajan Tit I an nan patisipasyon fanmi ak devlopman pwofesyonèl

Paran yo gen dwa pou bay opinyon yo sou fason lekòl la itilize sibvansyon Tit I an

5

Pwogram Tit IPwogram Tit I rejyon Palm Beach la se pwogram pou tout lekòl

Yo sèvi tout elèv nan lekòl Tit I, men yo konsantre plis sou elèv ki gen pwoblèm akademik yo

Tout anplwaye, resous yo ak klas yo, tout fè pati pwogram jeneral tout lekòl la

6

Plan/Règleman pou Patisipasyon Fanmi

Chak lekòl Tit I dwe devlope ansanm ak paran yo, dakò epi distribiye ba yo yon plan/règleman patisipasyon fanmi alekri

Plan/règleman sou patisipasyon fanmi an dekri kòman lekòl la ap egzekite egzijans patisipasyon paran an ki gen ladan l devlopman kontra ant lekòl-paran

7

Règleman/Plan pou Patisipasyon Fanmi

Lekòl Tit I yo dwe:Adopte epi mete sou pye modèl pwogram patisipasyon paran

Bay paran yo enfòmasyon egzat osijè pwogram Tit I an

Angaje paran yo nan pran desizyon osijè kòman pou yo depanse fon Tit I ki rezève pou patisipasyon paran an

8

Règleman/Plan pou Patisipasyon Fanmi

Lekòl Tit I yo dwe: Eksplike kourikoulòm lan, evalyasyon yo

epi estanda minimòm pou elèv yo ranpli Bay anplwaye ak paran yo trening

sou yon varyete sijè ki adrese pou ogmante siksè elèv ak sipòte patisipasyon fanmi, enkli trening pou fè alfabetizasyon, konferans pou paran, elatriye

9

Règleman/Plan pou Patisipasyon Fanmi

Lekòl Tit I yo dwe:

Fè paran yo patisipe nan devlopman trening pou anplwaye epi bay paran yo fòmasyon pou yo fòme lòt paran

Ofri yon kantite reyinyon nan dat ak lè ki fleksib

10

Lekòl Tit I yo dwe:

▪Bay prèv gen kominikasyon kontinyèl ant lekòl la, fanmi yo, elèv yo, epi kominote a

Bay dokiman pou montre fanmi yo resevwa enfòmasyon ki tradui nan lang natifnatal yo

11

Plan/Règleman pou Patisipasyon Fanmi

Plan/Règleman Patisipasyon Fanmi

Lekòl Tit I yo dwe: Bay enfòmasyon sou fason lekòl la travay

ak kominote a, volontè yo, epi asosye biznis yo pou ogmante nivo reyisit elèv yo

▪ Devlope wòl pou òganizasyon kominote yo/oswa biznis yo nan aktivite patisipasyon paran

12

Plan/Règleman pou Patisipasyon Fanmi

Lekòl Tit I yo dwe: Kontwole kontinyèlman epi evalye

estrateji règleman/plan patisipasyon fanmi an

Antreprann ansanm yon evalyasyon anyèl sou kontni ak efektivite règleman/plan patisipasyon fanmi nan lekòl la

Itilize rezilta evalyasyon an pou kreye epi revize estrateji pou rann patisipasyon paran pi efektif

13

Kontra ant Lekòl-Paran Chak lekòl dwe gen yon kontra lekòl-paran

ke se pèsonèl lekòl la ak paran yo ki ekri l

Kontra a dwe defini responsablite elèv la, paran yo, epi anplwaye lekòl yo nan efò yo pou elve nivo reyisit elèv la

Yo dwe distribye kontra a nan nan moman konferans paran-pwofesè la

Chak ane fanmi yo, elèv yo, epi pwofesè yo dwe revize epi siyen kontra a

14

Dwa Paran yo pou Konnen Paran yo gen dwa pou mande ak resevwa enfòmasyon egzat sou kalifikasyon pwofesyonèl pwofesè pitit yo

Yo dwe enfòme paran yo si yon pwofesè ki pa byen kalifye pase kat semèn oswa plis ap anseye pitit yo a

15

Dwa Paran yo pou Konnen

Y ap bay paran yo enfòmasyon sou nivo pwogrè pitit yo nan chak evelyasyon akademik eta a lalwa egzije

Otan sa posib, enfòmasyon an dwe nan lang paran an kapab konprann

16

Rechèch Montre…(Epstein and Associates, 2009)

Kèlkeswa kondisyon sosyoekonomik yo, lè paran patisipe, elèv yo gen plis chans pou: ale lekòl regilyèman fè pi bon nòt fè bèl nòt nan ekzamen pase matyè yo pase pou al nan klas siperyè adapte ak chanjman gen pi bon aptitid sosyal gradye kontinye edikasyon yo

17

Kolaborasyon ant Lekòl ak Paran Lekòl la dwe travay ak paran yo pou fè sèten timoun yo fè pwogrè

Lekòl mete ansanm ak paran yo pou pran desizyon ki kab afekte edikasyon pitit yo

Kolaborasyon ant lekòl ak paran bati andedan komite konsèy lekòl la, komite konsèy paran Tit I Distri a ak komite desizyon lekòl la

18

Lekòl la bay paran yo opòtinite pou bay tan ak talan yo kòm volontè

Lekòl la ofri paran yo atelye fòmasyon, trening ak opòtinite reyinyon ant paran ak pwofesè

Kolaborasyon ant Lekòl ak Paran

19

Lekòl la bay paran yo materyèl pou ede yo travay ak pitit yo. Gen kèk lekòl Tit I ki gen sal resous ki favorize paran yo kote yo kab jwenn materyèl.

Kolaborasyon ant Lekòl ak Paran

20

Fanmi + Lekòl = Siksè

21

Konsekans Federal pou lè w pa fè Pwogrè Anyèl

Adekwa (NAYP))

23

Pwogrè Anyèl Adekwa (AYP)

Mezire konpetans tout elèv nan lekti, matematik, ak konpozisyon

Mezire pousantaj gradyasyon Lekòl la dwe resevwa mwayèn “C” oswa pi meyè Si yon lekòl Tit I pa reyalize AYP nan tout

matyè ak tout sougwoup yo, konsekans yo ap aplike

24

Konpetans Sible pou AYP

Chak ane nivo konpetans yo ogmante jiskaske 100% elèv yo atenn nivo ki sible pou yo a an 2014.

.

Year Reading Math

2009-10 72% +7 74% +62010-11 79% +7 80% +62011-12 86% +7 86% +62012-13 93% +7 93% +72013-14 100% +7 100% +7

25

Pwogrè Anyèl Adekwa (AYP)

NCLB egzije tout lekòl yo pou yo mezire pwogrè anyèl adekwa yo (AYP)

Tout lekòl piblik resevwa eskò AYPLekòl ki pa-Tit ILekòl Tit I Lekòl semi-prive

AYP mezire pwogrè nèf sougwoup

26

Men Nèf Sougwoup yo Total elèv yo Blan Nwa Panyòl Azyatik Endyen Ameriken

Elèv ki ekonomikman dezavantaje

Elèv ak konpetans limite nan anglè (ELL)

Elèv ak andikap (SWD)

27

Rapò Pwogrè Anyèl Adekwa (AYP)

Mete rapò AYP anyèl lekòl ou a

28

Pwogrè Anyèl Adekwa AYP

Tout lekòl resevwa yon eskò AYP Anba lwa 2001 Okenn Timoun Pa Dwe

Rete Dèyè a (NCLB), sèlman lekòl Tit I ap resevwa konsekans si yo pa ranpli egzijans AYP

Apre 2 zan san satisfè egzijans AYP (NAYP), yo idantifye lekòl sa a kòm yon lekòl ki Bezwen Amelyorasyon” (SINI)

29

Pwogrè Anyèl Adekwa (AYP)

Konsekans ki apre yo se pou lekòl Tit I ki pa satisfè egzijans AYP (NAYP) yo :

30

Konsekans Federal lè Egzijans AYP (NAYP) Pa Satisfè .

1 ane NAYP Y ap revize plan amelyorasyon lekòl la –Adrese sougwoup ki pa ranpli AYP yo

2 ane NAYP - SINI 1 *Y ap ofri sèvis edikatif Siplemantè3 ane NAYP - SINI 2 *Y ap ofri chwa transfè pou NCLB ak

transpò 4 ane NAYP - SINI 3 *Y ap ofri plan aksyon korektif5 ane NAYP - SINI 4 *Y ap fè plan pou restriktirasyon6 ane NAYP - SINI 5 *Y ap aplike plan restriktirasyon an 7 ane NAYP - SINI 6 *Y ap aplike plan restriktirasyon, ane 28 ane NAYP - SINI 7 *Y ap aplike plan restriktirasyon, ane 39 ane NAYP - SINI 8 *Y ap aplike plan restriktirasyon , ane 4

Konsekans yo akimile. Chak ane, gen nouvo konsekans ki ajoute sou sa yo ki te aplike ane avan an.

31

Opsyon Chwa NCLB pou Lekòl SINI yo

Y ap ofri tout paran elèv ki nan lekòl Tit I ki pa fè AYP pou de (2) oswa plis ane chwa pou edikasyon pitit yo.

Si Lekòl la pa fè AYP Ou gen chwa pou NCLB

2 ane oswa plis

Timoun nan gen chwa pou l rete nan lekòl li OSWA resevwa

Sèvis edikatif siplemantè (SES)(si li kalifye)

3 ane oswa plis

Timoun nan gen chwa pou l rete nan lekòl li OSWA resevwa

Sèvis edikatif siplemantè (SES)(si li kalifye)

OSWATransfere timoun nan nan yon lòt lekòl

32

Aksyon Korektif - SINI 3

Ranplase estaf lekòl la ki lakoz fayit pou fè AYP

Tabli nouvo kourikoulòm Diminye otorite ekip k ap administre lekòl

la Pwolonje ane lekòl la oswa jou lekòl yo Restriktire òganizasyon entèn lekòl la

Pwogram NCLB (Okenn Timoun Pa Dwe Rete Dèyè) a dikte youn oswa plis nan opsyon apre yo:

33

Reouvri lekòl la kòm yon lekòl semi prive Ranplase estaf lekòl la, ki gen ladan l

direktè a tou Pran kontra ak yon antite prive Kite eta a pran chaj Lòt refòm restriktirasyon majè

Pwogram NCLB (Okenn Timoun Pa dwe Rete Dèyè) a dikte youn oswa plis nan opsyon apre yo pou restriktirasyon:

Plan pou Restriktirasyon Lekòl SINI 4 yo

34

Restriktirasyon Lekòl SINI 5 yo

Reouvri lekòl la kòm yon lekòl semi prive Ranplase estaf lekòl la, ki gen ladan direktè

a tou Pran kontra ak yon antite prive Kite eta a pran chaj Lòt refòm restriktirasyon majè

NCLB (Okenn Timoun pa dwe Rete Dèyè) dikte youn oswa plis nan opsyon pou restriktirasyon apre yo:

**Mete plan ki prepare a an aplikasyon pandan lekòl la se yon SINI 4

35

Restriktirasyon Lekòl SINI 6, 7, 8 ak 9

Kontinye mete an aplikasyon plan pou restriktirasyon an

36

De (2) Sistèm Responsablite

Federal (NCLB) Okenn Timoun

pa Dwe Rete DèyèAYP

Eta a Responsablite

Diferansye – Eskò Lekòl la + AYP

37

De (2) Sistèm Responsablite

Itilize AYP pouLekòl ki bezwen amelyorasyon

Pran aksyon korektif

Aplike plan pou restriktirasyon

Restriktirasyon

FederalOkenn Timoun Pa

Dwe Rete Dèyè

Eta a Kote responsablite yo

diferansyeItilize AYP ak eskò lekòl

pou

Prevansyon I Prevansyon II

Koreksyon I Koreksyon II

Lekòl ki pa nan DA

Entèvansyon

38

Diskite kategori DA lekòl ou a ak plan

entèvansyon distri a

Plan Responsablite Diferansye (DA) pou Eta

Florid