Pwogram ESOL

18
Rezime Plan Distri a Rezime Plan Distri a Pou El Pou El è è v K Ap Aprann v K Ap Aprann Angl Angl è è (ELL) (ELL) Pwogram ESOL Pwogram ESOL Distri Eskolè Nan Conte Lee Distri Eskolè Nan Conte Lee 2008-2011 2008-2011

description

Pwogram ESOL. Distri Eskolè Nan Conte Lee 2008-2011. Rezime Plan Distri a Pou El è v K Ap Aprann Angl è (ELL). I. Idantifikasyon elèv ESOL yo. - PowerPoint PPT Presentation

Transcript of Pwogram ESOL

Page 1: Pwogram ESOL

Rezime Plan Distri a Pou ElRezime Plan Distri a Pou Elèèv v K Ap Aprann AnglK Ap Aprann Anglèè (ELL)(ELL)

Pwogram ESOL Pwogram ESOL Distri Eskolè Nan Conte LeeDistri Eskolè Nan Conte Lee

2008-20112008-2011

Page 2: Pwogram ESOL

I. I. Idantifikasyon elèv ESOL yoIdantifikasyon elèv ESOL yo

Etap 1. Lè paran enskri pitit yo, yo dwè endike si pitit yo pale oubyen konprann yon lang apa anglè. Paran yo ap konplete sondaj konsènan lang yo sèvi lakay la nan Sant pou plasman elèv.

Page 3: Pwogram ESOL

Etap 2. Nan lekòl la, elèv la pral fè yon evalyasyon pou konpetans an anglè (LAB) andann 20 jou depi premye jou li asiste lekòl la. Daprè klas lekòl li a, elèv la gendwa fè evalyasyon nan pale/koute e/ou lekti/ekriti. Yon ransantil a 32 oubyen pi ba pase sa nan kenenpòt souseksyon endike yon defisit an anglè, poutètsa elèv la plase nan pwogram ESOL la. Lè sa a, n ap notifye paran yo.

Page 4: Pwogram ESOL

Note: Se posib pou yon elèv pase evalyasyon LAB la, men toujou moutre difikilte nan lang anglè a.

Nan ka sila a, yon elèv gendwa resevwa sèvis nan men pwogram ESOL la daprè yon desizyon ki fèt pa konmite ELL la (yon gwoup ki konprann pwofesè, konseye lekòl, edikatè ESOL yo ak paran yo).

Page 5: Pwogram ESOL

II. II. Pwogram enstriksyonèlPwogram enstriksyonèl

Lòt resous siplemantè – anpil lekòl sèvi ak pwogram espesyal sou òdinatè, parapwofesyonèl ESOL, aparèy pou tradiksyon, elatriye.

Page 6: Pwogram ESOL

Yon pwofesè sètifye founi enstriksyon konpreyansib avèk ou san èd yon parapwofesyonèl bileng.

Elèv yo enkli nan klas òdinè yo. Gen kèk klas sou modèl sila a ki sèvi ak regwoupman elèv ELL yo.

Enklizyon ak estrateji ESOL yoEnklizyon ak estrateji ESOL yo

Page 7: Pwogram ESOL

Yon pwofesè ESOL sètifye founi enstriksyon pou yon klas ki gen sèlman elèv ELL yo. Konsa, li ka pi byen adrese bezwen langaj ak kontni.

Distri nou gen Sant entènasyonal yo sitye nan zòn lekòl sid, lwès ak lès.

Note: Lòt resous siplemantè – anpil lekòl sèvi ak pwogram espesyal sou òdinatè, parapwofesyonèl ESOL, aparèy pou tradiksyon, elatriye.

Klas otonòm

Page 8: Pwogram ESOL

Aksè egalegoAksè egalego

Elèv ESOL yo gen dwa patisipe plènman nan tout klas ak pwogram lekòl ofri si yo kalifye, kelkeswa konpetans yo an anglè.

Sa enkli pwogram ESE, klas avanse, klas avèk distenksyon, klas pou elèv douwe, klas vokasyonèl ak lekòl espesyalize, elatriye.

Page 9: Pwogram ESOL

III. III. Egzamen egzije pa LetaEgzamen egzije pa Leta

Tout elèv ESOL yo egzije konpoze nan Egzamen evalyasyon global Florid la (FCAT). Elèv ki nan pwogram nan pou mwens pase dezan, gen dwa yon dispans nan double twazyèm ane si yo moutre yon nivo pèfòmans ki egalego ak twazyèm ane nan lang matènèl yo a. Elèv ki pale espayòl sèvi osi ak tès APRENDA a. Tout elèv ESOL yo ki fè evalyasyon Leta yo gendwa resevwa akomodasyon swivan yo:

Page 10: Pwogram ESOL

Akomodasyon:Akomodasyon:

Tan siplemantè

Chanjman anviwonnman si yo dezire

Aksè ak yon moun ki pale lang yo si disponib

Yon diksyonè bileng si yo dezire

Page 11: Pwogram ESOL

IV. Sòti nan pwogram ESOLIV. Sòti nan pwogram ESOL

Evalyasyon CELLA (Evalyasyon global pou moun k ap aprann anglè) sèvi kòm zouti pou sòti tout elèv nan pwogram ESOL la lè yo resevwa yon nivo 3 nan FCAT la. Elèv ki antre nan pwogram nan daprè yon desizyon konmite ELL la dwè osi sòti pa yon desizyon konmite a. Yon elèv ESE, kote enfimite anpeche li pase yon e/ou lòt tès, gendwa osi sòti daprè yon desizyon konmite ELL la. Paran resevwa notifikasyon lè elèv sòti nan pwogram ESOL la.

Page 12: Pwogram ESOL

V. V. Pwosedi pou veye elèv ki sòti Pwosedi pou veye elèv ki sòti nan pwogram nannan pwogram nan

Lekòl la dwè veye tout elèv ki sòti nan pwogram ESOL la pou dezan depi dat yo sòti a. Lekòl la ap revize kanè elèv yo. Si kanè a moutre yon nòt ki pa satisfezan, lekòl la dwè konvoke yon konmite ELL pou detèminen si nòt la rezilte de yon pwoblèm ak lang anglè a. Si konmite a dekouvri ke se poutèt lang lan, elèv la gendwa rantre nan pwogram nan. Lekòl la ap envite paran vini nan tout reyinyon konmite ELL yo, lòfini l ap enfòme paran yo si pitit yo rantre nan pwogram nan.

Page 13: Pwogram ESOL

VI. VI. Notifikasyon konsènan dwa Notifikasyon konsènan dwa paran ak elèvparan ak elèv

Lè se posib, distri eskolè a founi konkou bay paran elèv ELL yo nan lang matènèl yo lè y ap enskri pitit yo, nan reyinyon konmite ELL yo, epitou nan konferans paran/pwofesè yo.

Page 14: Pwogram ESOL

Lekòl la pral notifye paran yo Lekòl la pral notifye paran yo konsènankonsènan::

Enfòmasyon sou evalyasyon ak plasman nan pwogram yo

Opsyon nan modèl enstriksyon

Akomodasyon pou evalyasyon Leta yo

Akomodasyon pou evalyasyon Leta yo

Pwosedi pou redouble yon ane, ratrapaj, sòti, reklasifikasyon ak ankadreman

Page 15: Pwogram ESOL

Paran-dirijan (PLC)Paran-dirijan (PLC)

Lekòl la pral enfòme paran yo konsènan opòtinite pou reyini ak Konsèy konsiltatif paran-dirijan (PLC) pou pale sou kijan nou ka amelyore pwogram ESOL la.

En plis, lekòl la pral voye ba medya a enfòmasyon konsènan pwogrè anyèl sifizan (AYP) pou lekòl la. Kipizèt,

lekòl la pibliye rezilta sila yo nan bilten pou paran epi li endike kikote paran yo ka jwenn plis enfòmasyon

Page 16: Pwogram ESOL

Lang matènèl la:Distri eskolè a pa gen dwa mennen yon mezi disiplinè kont yon elèv sèlman poutèt li sèvi ak lang matènèl ou lang eritaj li a.

Okontrè, distri a ankouraje elèv yo sèvi ak lang eritaj yo nan sal klas la pou klarifye kontni akademik la epitou pou metrize konpetans yo.

Pwofesè yo gendwa ankouraje elèv yo sèvi ak anglè an toutan, men sèlman jis tèl pwen elèv la konfòtab.

Elèv yo poutan gen dwa sijè a mezi disiplinè si yo pa okipe regleman klas la ou lekòl la (yo pale twò fò, pale lè se pa apwopriye, yo fè frekan, oubyen yo sèvi ak gwo mo nan kenenpòt lang).

Nan ka sila yo, mezi disiplinè baze sou konpòtman elèv la, pito pase sou lang elèv la itilize oubyen pale.

Page 17: Pwogram ESOL

VII. Fòmasyon pèsonèl laVII. Fòmasyon pèsonèl la Pwofesè ki anseye klas opsyon ou eksploratwa bezwen yon fòmasyon nan ESOL ki dire 18 è.

Pwofesè ki anseye matyè akademik, konseye lekòl ak administratè bezwen yon total 60 è fòmasyon.

Tout pwofesè ki anseye lang ak liteyati/anglè dwè fè yon fòmasyon ki dire 300 è, oswa 15 è semestriyèl.

Parapwofesyonèl ki travay nan pwogram ESOL la dwè konplete yon fòmasyon 18 è.

Lè yon lekòl gen 15 elèv ELL ou plis ki pale yon menm lang, yon parapwofesyonèl ESOL pral asiste pwofesè ki anseye matyè prensipal yo pou yo founi enstriksyon ki konpreyansib.

Page 18: Pwogram ESOL

Si ou gen plis keksyon toujouSi ou gen plis keksyon toujou

Tanpri kontakte:Tanpri kontakte:

Distri eskolè nan konte Lee

Depatman pou pwogram entèvansyon -ESOL

2855 Colonial Boulevard

Fort Myers, Florida 33966-1012