OEM-Storybook-HC.qxd:OEM-Storybook-HC.qxd 10/17/07 1:46 … · 2019-02-06 · tankou yon sak pou do...

2
Pare pou deplase : Prepare Go Bag Li ka nesesè pou n kite kay tousuit si gen ijans. Li enpòtan pou tout moun kay la gen yon Go Bag (menm bèt kay la tou !). Se pou Go Bag la solid epi fasil pou n mache ak li, tankou yon sak pou do osnon yon malèt ki gen wou anba li. Se poun tcheke sa ki landan li omwen defwa nan ane a pou ka verifye n pa bliye anyen. Men kisa pou mete nan Go Bag la : Fotokopi dosye enpòtan (kat didantite, kat asirans, batistè, dokiman kay ak machin) nan yon sache plastik Kopi kle machin ak kle kay Fotokopi tout kat kredi, kat ATM ak enpe lajan kach, pa gwo biyè Boutèy dlo ak manje ki pa p pouri, tankou energy bar ak granola bar. Patdantifris, bwòsadan, sèvyèt mouye, bagay pou swenyen timoun, elatriye Flach Tranzistò AM/FM ki mache ak pil, ak lòt pil siplemantè Lis medikaman chak moun bezwen Twous sekou Nimewo telefòn ak kote pou tout moun rankontre Ti kat jewografik New York City Eseye wè si Go Bag la pa twò lou infwa ou mete tout sa w bezwen ladan li. PLAN IJANS POU LAKAY Telefòn fanmi/zanmi ki rete lwen : Lòt enfòmasyon enpòtan : Paj pou fanmi, suit 3 Ki lè pou rele 311 ak 911 (Èske w konnen ki lè pou rele nimewo sa yo ?) Rele nimewo 911… Si w gen danje oubyen si w temwen yon krim k ap fèt. Si gen gwo aksidan oswa gwo pwoblèm sante PA RELE 911 pou bagay ki pa ijan e pa rele nimewo a pou fè rapò sou blakawout (nimewo 911 rezève pou ijans). Rele nimewo 311… Lè w bezwen sèvis ak enfòmasyon ki pa ijan, tankou : Lekòl ak pwogram andeyò saldeklas Enfòmasyon sou otobis lekòl Pisin piblik nan vil la ak ki lè yo louvri Aktivite benevòl nan vwazinaj kote w rete a Kijan pou pwoteje bèt kay si gen ijans (mande pou « New York pare pou bèt ») Sèvis konsèy epi sante pou tout fanmi W ap jwenn yon operatè 24 sou 24 nan nimewo 311 la. Gen tradiktè ki pale 170 lang diferan. PA RELE nimewo 311 si w gen ijans. 4 3 0 3 2 1 2 0 2 7 6 4 9 5 3 REPONS KASTÈT MATEMATIK Nan paj espesyal la pou fanmi Se pou n toujou pare ! Kèlkeswa kote w rete a : Staten Island, Brooklyn, Queens, Bronx ak Manhattan, se yon bon lide pou n toujou pare epi an sekirite. Èske w pare pou ijans ? Èske fanmi w gen plan pou yo suiv ? Èske w konnen ki plan lekòl ou a ? Li pwèm ki la a pou w wè kisa timoun senk awondisman yo ap fè pou yo pare. Oumenm, w ap pare depi w fini fè plan fanmi pa w, kèlkeswa sa ki rive ! Lè w fin li pwèm lan, li kat jewografik la pou w mete yon ti kwa pou make anplasman toude kay ou ak lekol la. Toujou pare : Fè plan Li lè pou n fè plan Sizoka nou separe Plan pou nou tout rankontre Kèlkeswa si fè frèt osnon fè cho N ap bezwen nimewo telefòn N ap bezwen de nimewo telefòn Yon nimewo yon moun ki rete tou pre Epi dezyèm nimewo yon moun ki rete lwen N ap eseye plan an pou n konnen l byen Nou konnen egzakteman kisa pou fè N ap diskite ki etap pou n suiv E n ap make yo tout sou papye Toujou : pare lakay Pou n pare pou n rete lakay Swa pou yon jou oswa plis N ap bezwen yon twous kay Ki enpòtan pou plizyè rezon Yon flach pou gen limyè lannuit Yon siflèt pou moun tande n Manje nan bwat ak dlo nan boutèy Tout se bagay nou ka jwenn fasil Yon twous ki pa sere lwen Yon sèl kote men pa gaye tout kote Fanmi n an sekirite lakay Nou pare pou ijans Pare pou deplase : Prepare yon sak Pafwa li nesesè pou tout moun deplase Pou n kite kay pandan yon moman Lè tout bagay kòmanse sibitman Fòk nou fè sa ki nesesè Yon Go Bag, nou prepare ak anpil swen Ap ede n nan sitiyasyon ijan E l ap gen bagay n bezwen epi renmen Pou ede n tout jounen apre Manje ak bagay pou n bwè Yon kat jewografik ak yon flach Yon liv nou renmen li ak yon radyo (san pa bliye pil pou radyo a !) Li lè pou n fè plan Kèlkeswa kote n ye Pou n konnen kote pou n rankontre Yon kote ki pre, epi youn ki lwen Lè n fè plan pou n pare N ap konnen kote n ap ye N ap santi pi plis an sekitire N ap pare pou ijans Nou pare pou nenpòt kisa Kèlkeswa sa ki rive Si n lakay, lekòl osnon kay lòt moun Tout moun konnen ki plan pou n suiv. N ap suiv konsèy pwofesè, si n lekòl N ap suiv plan fanmi, si n lakay Nou tout nou pare pou sa k ap rive Nou toujou pare pou ijans 1 2 3 Fotografi: © iStockphoto; Twous premye swen, © Lew Robertson/Corbis.

Transcript of OEM-Storybook-HC.qxd:OEM-Storybook-HC.qxd 10/17/07 1:46 … · 2019-02-06 · tankou yon sak pou do...

Pare pou deplase : Prepare Go BagLi ka nesesè pou n kite kay tousuit si gen ijans. Li enpòtan pou tout moun kay la gen yon Go Bag(menm bèt kay la tou !).

Se pou Go Bag la solid epi fasil pou n mache ak li,tankou yon sak pou do osnon yon malèt ki gen wou anba li. Se poun tcheke sa ki landan li omwen defwa nan ane a pou ka verifye n pa bliye anyen.

Men kisa pou mete nan Go Bag la :� Fotokopi dosye enpòtan (kat didantite, kat asirans,

batistè, dokiman kay ak machin) nan yon sache plastik

� Kopi kle machin ak kle kay

� Fotokopi tout kat kredi, kat ATM ak enpe lajan kach, pa gwo biyè

� Boutèy dlo ak manje ki pa p pouri, tankou energy bar ak granola bar.

� Patdantifris, bwòsadan, sèvyèt mouye, bagay pou swenyen timoun, elatriye

� Flach

� Tranzistò AM/FM ki mache ak pil, ak lòt pil siplemantè

� Lis medikaman chak moun bezwen

� Twous sekou

� Nimewo telefòn ak kote pou tout moun rankontre

� Ti kat jewografik New York City

Eseye wè si Go Bag la pa twò lou infwa ou mete tout sa w bezwen ladan li.

PLAN IJANS POU LAKAYTelefòn fanmi/zanmi ki rete lwen :

Lòt enfòmasyon enpòtan :

Paj pou fanmi, suit

3

Ki lè pou rele 311 ak 911(Èske w konnen ki lè pou

rele nimewo sa yo ?)

Rele nimewo 911…� Si w gen danje oubyen si w temwen yon krim k ap fèt.

� Si gen gwo aksidan oswa gwo pwoblèm sante

� PA RELE 911 pou bagay ki pa ijan e pa rele nimewo a poufè rapò sou blakawout (nimewo 911 rezève pou ijans).

Rele nimewo 311…Lè w bezwen sèvis ak enfòmasyon ki pa ijan, tankou :

� Lekòl ak pwogram andeyò saldeklas

� Enfòmasyon sou otobis lekòl

� Pisin piblik nan vil la ak ki lè yo louvri

� Aktivite benevòl nan vwazinaj kote w rete a

� Kijan pou pwoteje bèt kay si gen ijans (mande pou « NewYork pare pou bèt »)

� Sèvis konsèy epi sante pou tout fanmi

W ap jwenn yon operatè 24 sou 24 nan nimewo 311 la.Gen tradiktè ki pale 170 lang diferan.

PA RELE nimewo 311 si w gen ijans.

4 3 0

3 2 1

2 0 2

7

6

4

9 5 3

REPONSKASTÈTMATEMATIKNan pajespesyal la pou fanmi

Se pou n toujou pare !Kèlkeswa kote w rete a : Staten Island, Brooklyn, Queens, Bronx ak Manhattan,se yon bon lide pou n toujou pare epi an sekirite. Èske w pare pou ijans ? Èskefanmi w gen plan pou yo suiv ? Èske w konnen ki plan lekòl ou a ? Li pwèm ki laa pou w wè kisa timoun senk awondisman yo ap fè pou yo pare. Oumenm, w appare depi w fini fè plan fanmi pa w, kèlkeswa sa ki rive !

Lè w fin li pwèm lan, li kat jewografik la pou w mete yon ti kwa pou make anplasman toude kay ou ak lekol la.

Toujou pare : Fè planLi lè pou n fè planSizoka nou separePlan pou nou tout rankontreKèlkeswa si fè frèt osnon fè cho

N ap bezwen nimewo telefònN ap bezwen de nimewo telefònYon nimewo yon moun ki rete tou preEpi dezyèm nimewo yon moun ki rete lwen

N ap eseye plan an pou n konnen l byenNou konnen egzakteman kisa pou fèN ap diskite ki etap pou n suivE n ap make yo tout sou papye

Toujou : pare lakayPou n pare pou n rete lakaySwa pou yon jou oswa plisN ap bezwen yon twous kayKi enpòtan pou plizyè rezon

Yon flach pou gen limyè lannuitYon siflèt pou moun tande nManje nan bwat ak dlo nan boutèyTout se bagay nou ka jwenn fasil

Yon twous ki pa sere lwenYon sèl kote men pa gaye tout koteFanmi n an sekirite lakayNou pare pou ijans

Pare pou deplase : Prepare yon sakPafwa li nesesè pou tout moun deplasePou n kite kay pandan yon momanLè tout bagay kòmanse sibitmanFòk nou fè sa ki nesesè

Yon Go Bag, nou prepare ak anpil swenAp ede n nan sitiyasyon ijanE l ap gen bagay n bezwen epi renmenPou ede n tout jounen apre

Manje ak bagay pou n bwèYon kat jewografik ak yon flachYon liv nou renmen li ak yon radyo(san pa bliye pil pou radyo a !)

Li lè pou n fè planKèlkeswa kote n yePou n konnen kote pou n rankontreYon kote ki pre, epi youn ki lwen

Lè n fè plan pou n pareN ap konnen kote n ap yeN ap santi pi plis an sekitireN ap pare pou ijans

Nou pare pou nenpòt kisaKèlkeswa sa ki riveSi n lakay, lekòl osnon kay lòt mounTout moun konnen ki plan pou n suiv.

N ap suiv konsèy pwofesè, si n lekòlN ap suiv plan fanmi, si n lakayNou tout nou pare pou sa k ap riveNou toujou pare pou ijans

1

2

3

Foto

graf

i: ©

iSto

ckp

hoto

; Tw

ous

pre

mye

sw

en,

© L

ew R

ober

tson

/Cor

bis

.

OEM-Storybook-HC.qxd:OEM-Storybook-HC.qxd 10/17/07 1:46 PM Page 1

Paj espes9al pou Fanmi (pou papa/manman ak moun responsab)

Suiv etap sa yo pou ede ni oumenm ak ni fanmi wan sekirite si gen ijans

0 Toujou pare : Fe planToul lek<'il gen plan ki eksplike kisa pou fc si gen yon ijans. i\.fandc lek<'>I pilil ou a ha w liv gid pou paran an pou w gen plis enfomasyon sou plan sckirilc lck/11 la. Chita nan reyinyon ak tout fanmi w pou n ta bli yon plan pou nou tout ka konnen kisa pou n fe si gen ijans. Tout fanmi a ap pi byen fe sa yo sipoze fe si, le gen ijans, nou tout kominike youn ak lot.

II' Fe lis tout nimewo telefon tout moun san w pa bliyek lis tout � kote tout moun konn ale (travay, lekol, elatriye). Pa bliye pitit � gason w osnon pitit fi w ; madan ou osnon mari w ; epi lekol

j pitit ou ; elatriye.

� II' Li enpotan pou n chwazi yon kote pou tout moun rankontre. ¾ Make non ak adres kote pou nou tout rankontre.

j II' Epi chwazi yon moun kl rete lwen pou nou tout nou rele si n paka g. kominike youn ak lot. Ekri non ak nimewo telefon moun ki rete@ lwen an ke tout moun sipoze rele� Bay moun ki rete lwen an yon

fotokopi menm plan ijans ou bay fanmi w. Pa bliye Ii enpotan pou moun ki rete lwen an konnen se limenm tout moun ap rele.

� II' Make tout enfomasyon nesese sou kat ijans adwat la. Fe fotokopi � kat la ak plan fanmi a pou tout moun ki nan plan an.

) f} Toujou : pare pou rete lakay:0: Li ka nesese pou rete lakay si gen ijans. Kife n ap bezwen � anpil bagay pou plizye jou. Se pou mete bagay sa yo naniii resipyan ak plaka epsesyal.

! Men kisa pou mete nan twous kay la :i:: 1i5 II' Yon galon dlo pa jou pou chak moun .� II' Manje nan bwat ki pa p pouri epi ki pa bezwen kuit, � ak yon kle pou louvri bwat yo

f II' Twous premye swen, yon flach ak yon siflet

.2> V Tranzisto ki mache ak pil, epi lot pil siplemante t\il II' Konprime yod ak yon ka klowoks ki pa gen sant

(pou dezenfeksyon dlo SELMAN si reprezantan leta di pou sevi ak Ii) epi yon kontgout pou mete klowoks la nan dlo)

II' Yon telefon ki pa mache ak kouran elektrik. Anpil telefon kay bezwen kouran elektrik pou yo mache. Sonje selile mache nan ijans toutotan pil la pa fini.

Kastet matematik : New York. New York

Nan kastet la, we si w ka jween ki chit ki manke nan bwat vid yo. Le w adisyonen chak ranje, total ranje asipoze egal ak chit ki nan kolon adwat la sou menm ranje a. Le w adisyonen chak kolon, total kolon Ian sipoze egal ak chit ki nan ranje anba pou menm kolon Ian. Ou ka sevi ak tout chi! ant 0-9 pou rezoud kastet la.Le w fin rezoud kastet la, we kisa chak chit nan bwat kolore yo reprezante nan tablo Enfomasyon pou New York la !

3

2 0

ENFOMASYON SOU NEW YORK

1

7: Gen apepre 7 pous lanej ki tonbe nan New York City chak mwa janvye. Lot non pou setyem avni Manhattan se Fashion Avenue. Gen 7 ekip espo pwofesyonel nan NYC.

6: Gen 6 milyon moun ki soti lotbodlo pou yo vin New York City, ant 1998 ak 2006. Gen 6 seksyon nan so New York City a (ou ka we yo sou drapo vii la, ki sou do gid la) : ekran, rezida n, ane vii la tabli, eg ameriken, non laten so a ak yon branch lorye.

4: Majistra a eli chak 4 an, e se Ii ki chef pouvwa egzekitif New York City. 9: Broadway, ki komanse nan Bowling Green, anba Manhattan, epi ki fini Albany, se youn nan wout pi long sou late, Ii mezire 150 mil osnon 241 kilomet. Non ofisyel Ii se Highway 9. 5: Gen 5 awondisman nan New York City.

3: Anpil nan wout Manhattan se lari ak avni. Lespas ki ant avni yo mezire apepre 3 fwa plis pase lespas ki ant lari yo_

Vire paj la pou w Ii twazyem etap plan toujou pare a . •

K i"an w rele :

Non paran/adilt re ponsab :

.:.:Te:.:.:le:.:.:foc:.cn..t:pa::.:.ra:::.ne.::fac.:.:dic:.:.lt-'-'re""po::..:.nc::sa:.::.b..:...: -------------i Kole pou rankontre nan vwazinaj la :

I I

I I I I

[de 90n ti ehen replan pou ijans ! Kounye la ke n fini plan

ijans pou kay, n fe plan

pou bet kay la tou ! Suiv

labirent ki adwat la epi

ranmase sou wout la

omwen 4 bagay ti chen

an ka bezwen.

Emergency Management Department of Education

New York se bel kote Ii 9e ! Desinen foto pon Brooklyn sa a.

READY

New York. se poa n a pare I

Li enpotan pou n toujou pare pou nenpot ki sitiyasyon

Pwopriyete trv timoun « New York pare, pou tirnoun » sa a, rele : __________ _

New York. se pou n toujou pare ! Liv sa a ap ede w komanse fe plan si ta gen ijans nan vwazinaj kote w rete a ak nenpot lot kote nan vii la.

New York ap pare ... kidonk Ii enpotan pou w vire paj yo pou w aprann sa w sipoze fe pou w ka pare tou !

New York, Ii le pou n pare. Se meye bagay pou n fe ! Vire paj la pou plis enfomasyon.