F lorida C omprehensive A ssessment T est Tès evalyasyon konpreyansyon jeneral nan Florid
description
Transcript of F lorida C omprehensive A ssessment T est Tès evalyasyon konpreyansyon jeneral nan Florid
Florida Comprehensive Assessment Test
Tès evalyasyon konpreyansyon jeneral nan Florid
Florida Comprehensive Assessment Test
Tès evalyasyon konpreyansyon jeneral nan Florid
Kisa chak paran/responsab dwe konnenKisa chak paran/responsab dwe konnen
Nancy E. Brito, Department of Assessment
561-357-7521, PX47521
What Every Parent – Guardian Should Know – Creole version
Paran se premye pwofesè timoun epi premye sal klas timoun nan se kay kote timoun nan rete a.
Èske ou te konnen kèlkeswa sa
ou fè oswa pa fè, sa ou di oswa pa di
pitit ou yo, ap gen yon ENPAK sou pèfòmans
akademik yo?
Ki bi prezantasyon sa a?Ki bi prezantasyon sa a?
Pou bay paran/responsab
Enfòmasyon sou
Tès evalyasyon konpreyansyon nan Florid(Florida Comprehensive Assessment Test- FCAT)
pou fè sèten
Pa gen okenn paran oswa responsab ki rete dèyè
Pou bay paran/responsab
Enfòmasyon sou
Tès evalyasyon konpreyansyon nan Florid(Florida Comprehensive Assessment Test- FCAT)
pou fè sèten
Pa gen okenn paran oswa responsab ki rete dèyè
Kisa tès evalyasyon konpreyansyon nan Florid (Florida Comprehensive Assessment Test - FCAT) la ye?
• FCAT la se yon egzamen yo bay elèv nan eta Florid pou mezire sa yo konnen ak sa yo kapab akonpli nan lekti, konpozisyon, matematik, ak syans.
Kisa tès evalyasyon konpreyansyon nan Florid (Florida Comprehensive Assessment Test - FCAT) la ye?
• FCAT SSS la mezire kijan elèv yo ap pwogrese nan estanda akdemik pou eta Florid la nan lekti, konpozisyon, Matematik ak syans.
Detay sou FCAT
• Rezilta yo gen rapò ak pèfòmans elèv la dapre matyè ki nan barèm estanda eta Florid la (the Sunshine State Standard -SSS)
• Mezire akonplisman nan lekti, matematik, syans & konpozisyon
– Evalye lekti ak matematik nan klas 3-10
– Evalye konpozisyon nan klas 4, 8, & 10
– Evalye syans nan klas 5, 8, & 11
• Modèl kesyon: chwa miltip, repons kadriye, & kesyon entèlijans
Detay FCAT yo
• Matematik mezire yon gran varyete teknik ak metòd pou rezoud pwoblèm.
• Lekti mezire vokabilè & teknik pou li ak ekri.
• Konpozisyon mezire konesans kat (4) eleman nan konpozisyon: fokis, òganizasyon, sipò ak konvansyon.
• Syans mezire konsèp syans ak rezònman syantifik.
Ki ès ki kapab pran FCAT?
• Elèv ki nan klas 3-11
KLAS LEKTI KONPOZISYON
MATEMATIK SYANS
3 X X
4 X X X
5 X X X
6 X X
7 X X
8 X X X X
9 X X
10 X X X
11 X
Ki dire FCAT la an minit?
Nivo Lekòl
Klas Lekti Matematik Syans Konpozisyon
EL
3 120 120
4 160 120 45
5 120 160 120
MS
6 120 120
7 120 120
8 160 160 120 45
HS
9 120 120
10 160 180 45
11 150
Konbyen kesyon ki gen nan FCAT la?
Nivo lekòl Klas Lekti Matematik Syans Konpozisyon
EL
3 50-55 45-50
4 50-55 45-50 1 sijè
5 50-55 55-60 55-60
MS
6 50-55 50-55
7 50-55 50-55
8 50-55 55-60 55-60 1 sijè
HS
9 50-55 50-55
10 50-55 55-60 1 sijè
11 55-60
Reprann 55-60 55-60
Ki kalite kesyon ki gen nan FCAT la?
• Chwa miltip (lekti, matematik & syans)
• Kesyon entèlijans (repons kout ak long)
• Repons kadriye (matematik & syans)
• Kesyon disètasyon/redaksyon (konpozisyon)
Ki kalite kesyon ki gen nan FCAT la?
Chwa miltip – Elèv yo chwazi youn (1) nan kat (4) chwa posib yo – Lekti, matematik, syans – Klas 3 - 11– 1 pwen pou chak
Egzanp kesyon chwa miltip pou lekti
Ki kalite kesyon ki gen nan FCAT la?
Kesyon entèlijans – Elèv yo reponn kesyon lekti a ak pwòp mo pa yo oswa montre repons solisyon yo pou matematik ak syans.– Lekti (klas 4, 8, 10) – Matematik (klas 5, 8, 10)– Syans (klas 8, 11)
De (2) kalite:– Repons kout
• Maksimòm 2 pwen
– Repons long• Maksimòm 4 pwen
Ki kalite kesyon ki gen nan FCAT la?
Egzanp repons kout nan lekti
Egzanp repons long nan lekti
Kesyon entèlijans
Ki kalite kesyon ki gen nan FCAT la?
Repons kadriye – Kesyon pou repons kadriye yo mande pou elèv yo rezoud pwoblèm yo epi “nwasi," oswa make repons nimerik yo nan repons kadriye a.
– Matematik (klas 5, 8, 10)– Syans (klas 8, 11)– 1 pwen pou chak
Egzanp repons kadriye nan matematik
Ki kalite kesyon ki gen nan FCAT la?
Kesyon disètasyon/redaksyon – mande pou elèv yo ekri yon repons ak topik (sijè) yo pwopoze yo a.
– Konpozisyon– Klas 4, 8, 10– Maksimòm 6 pwen
Elèv klas 4yèm reponn yon sijè kote yo mande yo oswa pou eksplike yon istwa (eksplikasyon ) oswa rakonte l ( narasyon ).
Elèv klas 8yèm ak 10yèm reponn yon sijè kote yo mande yo oswa pou eksplike yon istwa (ekspoze) oswa konvenk (konpozisyon konvenkan).
Egzanp sijè narasyon pou konpozisyon
Konbyen kesyon ki gen nan FCAT la, pa seri ?
ElemantèKlas Lekti Matematik Syans Konpozisyon
3 50-55 MC 45-50 MC
445-50 MC
5-7 SR & ER45-50 MC 1 sijè
5 50-55 MC
35-40 MC
10-15 GR
5-8 SR & ER
45-55 MC
5-7 SR & ER
Konbyen kesyon ki gen na FCAT la, pa seri ?
Primè mwayenKlas Lekti Matematik Syans Konpozisyon
6 50-55 MC35-40 MC
10-15 GR
7 50-55 MC35-40 MC
10-15 GR
845-50 MC
5-7 SR & ER
30-35 MC
15-20 GR
5-8 SR & ER
40-45 MC
3-6 GR
5-7 SR & ER
1 sijè
Konbyen kesyon ki gen na FCAT la, pa seri ?
SegondèKlas Lekti Matematik Syans Konpozisyon
9 50-55 MC30-35 MC
15-20 GR
1045-50 MC
5-7 SR & ER
30-35 MC
15-20 GR
5-8 SR & ER
1 sijè
11
40-45 MC
3-6 GR
5-7 SR & ER
Refè 50-60 MC25-35 MC
25-30 GR
Kisa nivo konpleksite koyitif yo ye?
• Kesyon FCAT yo gen twa (3) nivo konpleksite koyitif:
– Ba - mande pou rezoud yon pwoblèm ki gen yon sèl etap, memorizasyon, rekonesans, enfòmasyon fondamantal
– Modere –mande plis pase yon senp memorizasyon, oswa pou aplike teknik ak konsèp ki kouvri nan konpleksite ki nan ba nivo.
– Wo – mande analiz ak sentèz enfòmasyon, anpil demand sou panse elèv, panse abstrè ak rezònman.
Egzanp konpleksite koyitif nan lekti FCAT
Chen Maria a, Spot, manke frape l atè a pandan l ap antre nan pòt la. Maria fenk remake ke tout bòl yo te vid epi li te bliye kite manje deyò. Spot pa t kab tann pou Maria plen bòl yo tèlman l ap prese pou l manje. Pita, lè Maria te retounen nan kizin lan, li remake yon souri nan figi Spot pandan li t ap dòmi.
Ba - Kijan chen Maria a te rele?(Li liy yo)
Modere - Kisa k te pwoblèm Spot?(Li ant liy yo)
Wo - Poukisa Spot te PLIS PARET souriyan lè l t ap
dòmi?
(pi lwen pase liy yo )
Egzanp konpleksite koyitif nan lekti FCAT
Kisa nivo pèfòmans akdemik FCAT yo ye?
Nivo pèfòmans FCAT
• Dekri siksè yon elèv te akonpli nan SSS lekti, matematik, ak pòsyon syans tès la pou Florid
• Kòmanse depi 1 jiska 5 ak nivo 1 ki se nivo ki pi ba epi nivo 5 ki se nivo ki piwo a.
Nivo 1
Nivo 2 Nivo 3
Nivo 4 Nivo 5
• Nivo 1 Elè sa a pa gen siksè nan matyè ki difisil nan nivo klas li dapre etanda edikatif pou eta Florid la.
• Nivo 2 Siksè elèv sa a limite nan matyè ki difisil nan nivo klas li dapre estanda edikatif pou eta Florid la.
• Nivo 3 Elèv sa a reyisi anpati nan matyè ki difisil nan nivo klas li dapre estanda edikatif pou eta Florid la, men pèfòmans la pa konsistan.
• Nivo 4 Elèv sa a gen siksè nan matyè ki difisil nan nivo klas li dapre estanda edikatif pou eta Florid la.
• Nivo 5 Elèv sa a gen siksè nan matyè ki pi difisil nan nivo klas li dapre estanda edikatif pou eta Florid la.
Kijan nivo yo dekri pèfòmans akademik elèv la?
Echèl nòt devlopmantal (Developmental Scale Scores (DSS)
Kòmanse apati 86 - 3008
• Sèvi pou detèmine pwogrè anyèl yon elèv nan yon klas pou ale nan yon lòt klas
• Sèvi nan lekti ak matematik
Kisa echèl nòt devlopmantal yo ye?
Nan kanè elèv la Echèl mwayèn devlopmantal la rele nòt FCAT.
Klas Nivo 1 Nivo 2 Nivo 3 Nivo 4 Nivo 5
3 86-1045 1046-1197
1198-1488
1489-1865
1866-2514
4 295-1314 1315-1455
1456-1689
1690-1964
1965-2638
5 474-1341 1342-1509
1510-1761
1762-2058
2059-2713
6 539-1449 1450-1621
1622-1859
1860-2125
2126-2758
7 671-1541 1542-1714
1715-1944
1945-2180
2181-2767
8 886-1695 1696-1881
1882-2072
2073-2281
2282-2790
9 772-1771 1772-1971
1972-2145
2146-2297
2298-2943
10 844-1851 1852-2067
2068-2218
2219-2310
2311-3008
Klas Nivo 1 Nivo 2 Nivo 3 Nivo 4 Nivo 5
3 375-1078 1079-1268
1269-1508
1509-1749
1750-2225
4 581-1276 1277-1443
1444-1657
1658-1862
1863-2330
5 569-1451 1452-1631
1632-1768
1769-1956
1957-2456
6 770-1553 1554-1691
1692-1859
1860-2018
2019-2492
7 958-1660 1661-1785
1786-1938
1939-2079
2080-2572
8 1025-1732
1733-1850
1851-1997
1998-2091
2092-2605
9 1238-1781
1782-1900
1901-2022
2023-2141
2142-2596
10 1068-1831
1832-1946
1947-2049
2050-2192
2193-2709
Lekti
Matematik
Nivo pèfòmans FCAT ak nòt devlopmantal yo
Echèl nòt yo
• Kòmanse apati 100 - 500
• Sèvi pou detèmine rezilta tès syans FCAT yon elèv
Kisa echèl nòt yo ye?
Nan kanè elèv la yo rele nòt lan nòt FCAT.
Kisa echèl nòt yo ye?
SyansKlas Nivo 1 Nivo 2 Nivo 3 Nivo 4 Nivo 5
5 100 – 272 273 – 322 323 – 376 377 – 416 417 - 500
8 100 – 269 270 – 324 325 – 286 387 – 431 432 – 500
11 100 – 278 279 – 323 324 – 379 380 – 424 425 - 500
Nòt klasman
• Kòmanse kote yo pa kab bay nòt jiska 6
• Sèvi pou detèmine rezilta sijè tès konpozisyon FCAT yon elèv
Kisa nòt klasman yo ye?
Nan kanè elèv la yo rele nòt klasman nòt FCAT.
Klasman konpozisyon
Kisa klasman rezilta yo ye?
6Konpozisyon an konsantre sou sijè a, li gen yon modèl òganizasyon lojik (ki gen ladan yon entwodiksyon, devlopman, konklizyon, ak ekipman tranzisyonèl), epi li devlope lajman ide ki pouu bay sipò yo.
5 Konpozisyon an konsantre sou topik la ak devlopman adekwa ide sipò yo.
4 Konpozisyon an konsantre jeneralman sou sijè la epi li montre nan yon sans li fini oswa li konplè.
3 Konpozisyon an konsantre jeneralman sou sijè la, men li kab montre nan yon sans li fini oswa li konplè.
2 Konpozisyon an kab gen rapò ak sijè a tou piti.
1 Konpozisyon an kab abòde sijè a tou piti.
Pa merite nòt Repons la pa lizib.
Kijan paran/responsab kapab ede elèv prepare pou FCAT?
Tès la reflete pèfòmans jeneral pitit ou a. Otan timoun lan twouve l nan yon sitiyasyon pou l aprann, otan timoun lan ap travay pi byen nan tès yo
1.Fè sèten pitit ou ale lekòl regilyèman.
Kijan paran/responsab kapab ede elèv yo prepare pou FCAT?
Yon timoun ki pè echwe gen plis risk pou l fè erè.
2. Ankouraje pitit ou a. Fè l konpliman pou tout bagay li fè byen padan ane a.
Kijan paran/responsab kapab ede elèv prepare pou FCAT?
Yon kò ansante fè chemen pou yon lespri ki ansante epi aktif
3.Veye si pitit ou a gen yon rejim balanse.
Kijan paran/responsab kapab ede elèv prepare pou FCAT?
Devwadmezon sipòte enstriksyon nan klas epi li kab ede pitit ou a pi konprann travay ki fèt nan klas la.
4.Veye si pitit ou a fin fè devwadmezon l.
Kijan paran/responsab kapab ede elèv prepare pou FCAT?
Paran ak pwofesè yo dwe travay ansanm nan enterè timoun lan.
5.Rankontre ak pwofesè pitit ou tanzantan pou konnen pwogrè l ap fè.
Kijan paran/responsab kapab ede elèv prepare pou FCAT?
Lekòl pa sèl kote ki genyen pou moun aprann. Ou kab ede pitit ou a konprann devwa lekòl li.
6.Mande pwofesè pitit ou a pou l sijere w aktivite pou w fè lakay ou ak pitit ou a.
Kijan paran/responsab kapab ede elèv prepare pou FCAT?
Elèv yo bezwen yon lè ak yon kote pou yo konsantre sou devwadmezon yo.
7. Bay yon orè ak yon kote trankil, konfòtab pou l etidye lakay li.
Kijan paran/responsab kapab ede elèv prepare pou FCAT?
Timoun ki fatige gen mwens chans pou yo suiv nan klas oswa pou yo konprann devwa nan klas ak tès yo.
8.Fè sèten pitit ou a byen repoze l nan jou lekòl yo.
Kijan paran/responsab kapab ede elèv prepare pou FCAT?
Lè yo bay rezilta tès yo twòp enpòtans sa kab twouble timoun yo.
9. Pa kite rezilta tès yo ba ou kè sote.
Kijan paran/responsab kapab ede elèv prepare pou FCAT?
10. Mande direktè/tris ak konseye akademik pitit ou a pou ba ou orè tès ane a epi eksplike w itilite tès yo.
Se dwa w pou konnen ki tès pitit ou a ap pran epi pou ki rezon l ap pran tès la.
Kijan paran/responsab kapab ede elèv prepare pou FCAT?
11. Fè sèten pitit ou a rive lekòl alè.
Elèv yo bezwen tan pou prepare leson jounen an.
Kijan paran/responsab kapab ede elèv prepare pou FCAT?
Elèv yo ta dwe mete rad ki konfòtab epi apwopriye pou tanperati a.
12. Veye si pitit ou a abiye yon fason konfòtab.
Kijan paran/responsab kapab ede elèv prepare pou FCAT?
Lè ou koute direksyon epi ou kab li tès la, sa pèmèt ou pèfòme ladan l.
13. Si pitit ou a pote aparèy pou tande oswa linèt, fè sèten li sonje pou l itlize yo pandan tout sesyon tès yo.
Kijan paran/responsab kapab ede elèv prepare pou FCAT?
14. Fè sèten pitit ou a resevwa akomodasyon ki apwopriye pou l pran tès.
Pitit ou a kapab gen dwa pou l
• Resevwa tan anplis pou l fini tès la;
• Jwenn èd avèk tradiksyon;
• Pran tès la nan yon klas separe;
• Gen agrandisman vizyèl; oswa
• Lòt akomodasyon.
Kijan paran/responsab kapab ede elèv prepare pou FCAT?
Dejne se repa ki pi enpòtan nan jounen an! Li se sibstans ki fè kò a mache nan maten. Ti moun ki manje dejne travay pi byen lekòl, gen plis dezi pou patisipe nan aktivite fizik, epi an jeneral yo gen tandans pou manje repa ki pi nourisan.
15. Fè sèten pitit ou a repoze byen epi li manje yon dejne ki nourisan jou tès la.
Kijan paran/responsab kapab ede elèv prepare pou FCAT?
Enkyetid osijè tès yo kab lakòz yon elèv bliye fè travay nan kay epi sa kab mennen diskisyon.
16. Fè sèten pitit ou a pa toumante ak twòp demand pandan lè tès la.
Kijan paran/responsab kapab ede elèv prepare pou FCAT?
Y ap Pèfòme byen nan tès la lè yo kab panse klè epi konsantre sou travay yo gen pou fè a.
17. Fè sèten ou pa ajoute plis presyon oswa ki gen rapò ak lekòl oswa ki pa gen rapò ak lekòl. Elèv yo bezwen konsantre enèji yo pou byen travay nan tès la.
Kijan paran/responsab kapab ede elèv prepare pou FCAT?
Preparasyon ak òganizasyon ede w gen yon jou pèzib.
18. Fè sèten ou pa nan prese nan maten tès la. Ede pitit ou a òganize tout sa li gen bezwen nan sware avan tès la, leve alè pou l kab gen ase tan pou l manje yon bon dejne, epi pou l rive lekòl alè.
Kijan paran/responsab kapab ede elèv prepare pou FCAT?
Emosyon gen rapò konsiderab ak motivasyon epi pèfòmans akademik elèv la.
19. Rann jou tès yo agreyab, san emosyon negatif.
Kijan paran/responsab kapab ede elèv prepare pou FCAT?
Tès fè pati sistèm edikasyon nou an. Pale sou tès la ak pitit ou a kab soulaje l anba estrès osijè pran tès.
20. Kenbe yon atitid pozitif osijè tès yo
Ki kote paran & responsab kab jwenn enfòmasyon sou FCAT?
http://fcat.fldoe.org/fcatpub3.asphttp://fcat.fldoe.org/fcatpub3.asp
http://fcat.fldoe.org/pdf/ufr_08.pdfhttp://fcat.fldoe.org/pdf/ufr_08.pdf
Ki kote paran & responsab kab jwenn enfòmasyon sou FCAT?
Ki kote paran & responsab kab jwenn enfòmasyon sou FCAT?
http://www.palmbeach.k12.fl.us/drea/pro_devel/index_pro_devel.htmlhttp://www.palmbeach.k12.fl.us/drea/pro_devel/index_pro_devel.html
Materyèl pou aprann nan Palm Beach
http://www.palmbeach.k12.fl.us/learning_tools/http://www.palmbeach.k12.fl.us/learning_tools/
MateryèlPou paran
Materyèl Pou elèv
Sonje…
Ansanm ansanm, nou kapab ede
elèv nou yo reyisi!Pèfòmans elèv!
Translated by the Creole Translation Team of the Multicultural Education Department, School District of Palm Beach County – January 2009 – SY091021 – Phone: (561) 434-8620