Èske lasyans ranplase Bib la?

16
34567 1 ye JEN 2015 ` ESKE LASYANS RANPLASE BIB LA?

description

Èske lasyans ranplase Bib la?

Transcript of Èske lasyans ranplase Bib la?

Page 1: Èske lasyans ranplase Bib la?

345671ye JEN 2015

`ESKE LASYANS

RANPLASE BIB LA?

Page 2: Èske lasyans ranplase Bib la?

345671ye JEN 2015

`ESKE LASYANS

RANPLASE BIB LA?

PERYODIK SA A, Toudegad,onore Jewova Dye, Souvren linive a.Peryodik sa a rekonfote moun yograsa bon nouvel ki fe konnen WayomBondye a, ki nan syel la, pral fini aktout mechanste e li pral fe te a tounenyon paradi tale konsa. Li ankourajemoun pou yo mete lafwa yo nan JeziKris, li menm ki te mouri pou nou kagen lavi ki pap janm fini an e k apgouvene kounye a antanke Wa nanWayom Bondye a. Depi 1879, y appibliye peryodik sa a ki pa gen okennrapo ak politik e ki baze sou Bib la.

`Eske w ta renmen jwennplis enfomasyon oswabenefisye yon etid biblikgratis lakay ou?

Ou kapab al sou sit Entenetwww.jw.org /htoswa ekri Temwen Jewova yonan youn nan adres ki pi ba yo.

Pou KANADA:Jehovah’s WitnessesPO Box 4100Georgetown, ON L7G 4Y4CANADA

Pou ETAZINI:Jehovah’s Witnesses25 Columbia HeightsBrooklyn, NY 11201-2483UNITED STATES

Si w ta renmen jwenn yon lis ki gen tout adres yo,al sou sit Entenet www.jw.org /ht /kontakte.

˙ ˙ ˙ ˙ ˙ ˙ ˙ ˙ ˙ ˙ ˙ ˙ ˙ ˙ ˙ ˙ ˙ ˙ ˙ ˙ ˙ ˙ ˙ ˙ ˙ ˙ ˙ ˙ ˙ ˙ ˙ ˙ ˙ ˙ ˙ ˙ ˙ ˙ ˙ ˙ ˙ ˙ ˙ ˙ ˙ ˙ ˙ ˙ ˙ ˙ ˙ ˙ ˙ ˙ ˙ ˙ ˙ ˙ ˙ ˙ ˙ ˙ ˙ ˙ ˙ ˙ ˙ ˙ ˙ ˙ ˙ ˙ ˙ ˙ ˙ ˙ ˙ ˙ ˙ ˙ ˙ ˙ ˙ ˙ ˙ ˙ ˙ ˙ ˙ ˙ ˙ ˙ ˙ ˙ ˙ ˙ ˙

Peryodik sa a pa pou vann. Nou pibliye l nan kadyon travayanseymanbiblik k ap fet nan lemonnantye.Se ofrann volonte ki rann travay sa a posib. Tout veseki soti nan Jenez pou rive nanMalaki, se nan tradiksyonyo rele Bib la nou pran yo. Le nou tradui yo dapretradiksyon Bib angle yo rele NewWorld Translationof theHoly Scriptures, noumeteNW poumontre sa.Tout vese ki soti nanMatye pou rive nanRevelasyon,se nanTradiksyonmonn nouvo a — Liv ki te ekri angrek yo nou pran yo. Le nou pran yo nan yon lottradiksyon, nou ekri non tradiksyonBib la.

The Watchtower (ISSN 0043-1087) is publishedsemimonthly by Watchtower Bible and Tract Societyof New York, Inc.; L.Weaver, Jr., President; G. F. Simonis,Secretary-Treasurer; 25 Columbia Heights, Brooklyn, NY11201-2483,and byWatch TowerBible and Tract Societyof Canada, PO Box 4100, Georgetown, ON L7G 4Y4.Periodicals Postage Paid at Brooklyn,NY, and at additionalmailing offices. POSTMASTER: Send address changesto Watchtower, 1000 Red Mills Road,Wallkill, NY12589-3299.�2015Watch TowerBible and TractSociety of Pennsylvania. Printed in Canada.

Fason nou ka byen vyeyi 8ByografiYon eritaj ki la depi set jenerasyon 11

Kiyes ki antikris la? 14

Repons Bib la bay 16

34567 Kantite ki paret nan chak nimewo:52 946 000 NAN 240 LANG JUNE 1, 2015�����������������������������������������������������������������������������������������������������������

SIJ`E KI SOU PAJ KOUV

`ETI A

L`OT SIJ

`E

s���������������������������������������������������������������������������������������������

LI L`OT SIJ

`E SOU ENT

`EN

`ET

Vol. 136, No. 11 SemimonthlyHAITIAN CREOLE

`Eske lasyans ranplase Bib la?PAJ 3-7

Fason lasyans enfliyanse lavi nou 3Lasyans gen limit 6

KESYON MOUN POZE SOUVANSOU TEMWEN JEWOVA YO

`Eske Tradiksyonmonn nouvo a egzat?(Gade anba ribrik ENF

`OMASYON

SOU NOU ˛ KESYON MOUNPOZE SOUVAN)r

TELECHAJEPERYODIK SA ASOU DIV

`ES F

`OMA

SOU ENT`EN

`ET

Page 3: Èske lasyans ranplase Bib la?

Dapre yon diksyone, lasyans se “etid apwofondimoun fe sou lanati ak sou fason bagay materyel yooubyen bagay fizik yo konpote yo nan linive. Etidsa a baze sou obsevasyon, sou eksperyans ak soukalkil”. Li difisil pou moun rive fe tout travay sa a, ebyen souvan, travay sa a fristre yo. Syantifik yo konnpase plizye semen, plizye mwa e yo konn menmpase plizye ane ap travay sou kek eksperyans ak soukek obsevasyon. Pafwa yo pa jwenn okenn rezilta,men nan anpil ka, rezilta yo jwenn yo konn pwofi-tab pou limanite. Ann egzamine kek egzanp.

Gen yon konpayi ewopeyen ki konbine plastik kisolid ak kek filt ki moden pou l fe yon aparey ki pe-met yon moun bwe dlo trete e konsa li evite maladimoun pran nan bwe dlo ki kontamine. Yo konn iti-lize jan de aparey sa yo le gen katastwof natirel, tan-kou le te gen tranblemannte annAyiti nan ane 2010.

Nan lespas, genplizye rezo satelit ki fome yon sis-tem inivesel ki pemet moun repere yo byen fasil.Yo rele sistem sa aGPS (Global Positioning System).Okomansman yo te fe GPS la pou milite yo, li edechofe yo, pilot yo, maren yo jwenn wout yo. Menmchase yo ak moun k ap pwonmennen yo konn iti-lize l tou. GPS la fe l pi fasil pou n ale kote n vle, e sesyantifik yo ki te envante sistem sa a.`

Eske w itilize telefon selile, odinate oswa Ente-net?

`Eske w remake sante w amelyore oubyen li

vin pi bon grasa pwogre lamedsin fe?`Eske w konn

vwayaje nan avyon? Si wi, ou jwenn kek byenfepami anpil bagay lasyans fe ki amelyore lavi lezom.Lasyans enfliyanse lavi nou plizye fason ki pozitif.

LASYANS GEN LIMITPou syantifik yo elaji orizon yo, yo fouye fon nan

lanati. Syantifik ki etidye fizik nikleye yo egzaminean pwofonde sa k ap fet anndan yon atom, tandiskeastwofizisyen yo remonte plizye milya ane avekespwa y ap rive konprann orijin linive. Etandonekek syantifik fouye fon e yo ale lwennan rechech yo,yo menm fouye nan monn envizib la, monn mounpa ka touche a, yo panse si Bondye Bib la pale de li aegziste fo yo ta jwenn li.

Gen kek syantifik ak kek filozof moun byen kon-nen ki ale pi lwen toujou. Yo dako ak ide Amir D.Aczel, yon ekriven syantifik, rele “yon agiman syan-tifik ki kontredi egzistans Bondye”. Pa egzanp, genyon gwo fizisyen ki fe konnen “lefetke pa gen prevki montre gen okenn Bondye ki jwe yon wol enpo-tan nan linive, sa montre nan yon degre dout ki re-zonab yon dye konsa pa egziste”. Gen lot syantifikki di travay Bondye yo pale de li nan Bib la fe yo se“maji”, se “yon seri vye bagay mistik”�.

� Gen kek moun ki rejte Bib la akoz kek anseyman legliz bayswa nan tan lontan swa nan epok nou an, tankou kwayans ki fekonnen te a se sant linive oswa Bondye te kreye monn nan nansis jou e chak jou dire 24 edtan. — Gade kare ki gen tit: “Bib laparapo ak kek bagay syantifik yo di.”

SIJ`E KI SOU PAJ

KOUV`ETI A

Fason lasyans enfliyanse lavi nou

1ye JEN 2015 3

Page 4: Èske lasyans ranplase Bib la?

4 TOUDEGAD

Sepandan, men kesyon nou dwe poze:`Eske la-

syans gen ase konesans sou lanati pou l rive aboutiak yon seri konklizyon definitif sou li? Repons kisenp pou kesyon sa a se non. Lasyans fe anpil gwopwogre,men anpil syantifik rekonet gen anpil bagaytoujou yo pa konnen e petet gen anpil lot bagay yopap janm konnen. Men sa StevenWeinberg, yon fi-zisyen ki te resevwa yon pri Nobel pou konesans ligen sou lanati, fe konnen: “Nou pap janm rive nanfon bagay yo vre.” Men sa pwofese Martin Rees,astwonom wayal nan Grann Bretay te fe konnen:“Gen kek bagay petet lezom pap janm rive kon-prann.” Verite a seke gen anpil bagay nan lanati, sotinan selil la ki toupiti pou rive nan linive ki vas, la-syans poko ka rive konprann toujou. Annou konsi-dere egzanp ki vin apre yo:

Gen lot bagay anko moun pa konnen ki metesyantifik yo nan konfizyon. Poukisa sa enpo-tan? Men sa yon gwo ekriven syantifik fe konnen:“Sa nou konnen yo pa reprezante anyen devan sanou pa konnen yo. Dapre mwen, lasyans ta dwe fenou etone anpil e li ta dwe fe nou anvi aprann plisbagay toujou olye l ta fe lespri nou femen.”

Donk, si w ap mande tet ou eske lasyans ap ran-plase Bib la, konsa, ou pap bezwen kwe nan Bondye,reflechi sou pwen sa a: Si gwo syantifik yo ak toutenstriman pisan yo genyen yo rive konprann selmankek bagay sou lanati, eske l t ap rezonab pou n kourirejte bagay lasyans pa rive eksplore yo? Nan sanssa a, men sa yon ansiklopedi fe konnen nan fen yonatik byen long yo ekri sou istwa ak devlopman as-twonomi: “Apre preske 4000 an rechech nan astwo-nomi, nou papi konprann linive pase jan Babilonyenyo dwe te konprann li.” — Encyclopedia Britannica.

Temwen Jewova yo respekte dwa chakmoun gen-yen pou l pran desizyon l vle sou sije sa a. N ap feefo pou n aplike konsey sa a ki nan Bib la: “Se poutout moun konnen nou kom moun ki rezonab.” (Fi-lipyen 4:5). Se ak etadespri sa a nou envite w egza-mine jan gen amoni ant lasyans ak Bib la e jan younkonplete lot.

˘ Byolojis yo pa finbyen konprann sa k appase nan selil vivan yo.Gen yon seri kesyonsyantifik yo pa ka bayyon repons definitifpou yo tankou, komanselil yo boule eneji,koman yo pwoduipwoteyin epikoman yo divize.

˘ Pezante a afektenou chak segonn nanjounen an. Poutan,li rete yon miste poufizisyen yo. Yo pa finbyen konprann komanpezante a fe rale noudesann sou te a lenou vole anle oubyenkoman li fe kenbelalin nan ann obitozanviwon te a.

˘ Kosmolojis yo fekonnen enstrimansyantifik yo pa rive weni detekte anviwon95 pousan bagay kikonpoze linive a.Yo divize bagay etranjsa yo an de kategori:matye nwa ak eneji nwa.Yo pa konnen sa kikonpoze bagay sa yo.

Page 5: Èske lasyans ranplase Bib la?

Bib la parapo ak kek bagay syantifik yo diLabib pa di li se yon liv ki gen konesans syantifik ladan l. Sepandan, moun ki te ekri lyo fe kek komante ki egzak sou yon seri sije ki dwe enterese syantifik yo jodi a. Men kekegzanp.

Enfomasyon nou fek sot li nou jwenn nan Bib la, gen plizye syek depi yo te ekri yo. Ki janekriven sa yo te fe konnen yon seri enfomasyon ki egzak konsa nan yon epok kote menmmoun ki te gen plis konesans yo pa t konnen bagay sa yo? Men repons Moun ki Met Bib labay: “Menm jan syel la byen lwen anwo late, se konsa lide pa m byen lwen anwo lide pa nou,chemen pa m byen lwen chemen pa nou.” — Ezayi 55:9.

Laj te a ak laj linive genyenSyantifik yo fe konnen te a genanviwon 4 milya ane, epi linivegen anviwon 13 a 14 milya anedepi l fet. Bib la pa bay okenn

dat konsenan kreyasyon linive a. Pa gen okennkote li di te a gen kek milye ane selman. Men sanou li nan premye vese ki nan Bib la: “Nan kon-mansman, Bondye kreye syel la ak late a.” (Je-nez 1:1). Deklarasyon sa a pemet syantifik yodetemine laj monn nan genyen sou baz kekprensip syantifik ki solid.

Preparasyon te apou lezom abiteJenez chapit 1 itilize mo “jou”pou l pale sou dives peryod nanpreparasyon te a pou l te ka re-

sevwa lavi sou tout kalite fom. Pi gwo evenmanki gen nan deskripsyon senp vese sa yo fe a sekote yo premye pale de lezom nan. Bib la pabay dire sis “jou” kreyasyon yo. Olye de sa, li baysyantifik yo posiblite pou yo etidye yo epi pou yoba yo yon kantite tan egzak. Nou konnen “jou”kreyasyon yo te dire pi lontan pase jou ki dire24 edtan tan yo.

Fason te a pandyeBib la fe konnen Bondye pa pan-dye te a sou “anyen”. (Job 26:7.)Pa gen okenn kote li di planetnou an chita sou zepol yon jeyan

oswa li chita sou do kek elefan ki kanpe souyon toti jan kek lejann ki popile nan tan lontanfe konn sa. Olye de sa, Bib la bay syantifik yo po-siblite pou yo fe dekouvet. Avek letan, Nicolas Co-pernic ak Johannes Kepler te esplike jan planetyo ap deplase toutotou soley la grasa yon fos en-vizib k ap dirije yo. Kek tan apre, Isaac Newton temontre jan fos yo rele pezante a ap dirijedeplasman tout obje ki gen nan lespas yo.

Enstriksyon sou prekosyonkont maladi ak sou reg ijyenNan liv Levitik la nou jwennenstriksyon Bondye te bay Izraye-lit yo sou sa yo te dwe fe pou yo

evite maladi trapan, pami bagay sa yo te genmete moun an karanten. Epi an rapo ak regijyen, nan Detewonom 23:12, 13, lwa Bondye ate mande Izrayelit yo pou yo fe bezwen yo yonkote ki deyo tant kote yo rete. E yo te dwe “kou-vri l ak te”. Se nan 200 ane ki sot pase yo sel-man syantifik yo ak dokte yo vin we nesesite pouyo etabli prensip sa yo.

Page 6: Èske lasyans ranplase Bib la?

6 TOUDEGAD

Sa pa gen lontan, gen yon kantite liv ki paret kiprezante opinyon yon gwoup moun yo rele nouvoate yo. Liv sa yo kapte atansyon anpil moun e yo feanpil diskisyon ak anpil deba. Konsenan sitiyasyonsa a, men saDavid Eagleman, yon newolog, te ekri:“Gen kek lekte k al lakay yo [...] avek enpresyonsyantifik yo konnen tout bagay.” Men sa li te diannapre: “Men, bon syantifik yo se moun ki toujougen lespri ki ouve, e nan travay yo, yo dekouvrinouvo bagay ak bagay yo pa t atann.”

Pandan plizye syek, gen kek gwo syantifik ki feyon seri bel dekouvet nan rechech yo t ap fe pou yorive reponn kek kesyon ki difisil konsenan lanati.Men, gen syantifik ki fe kek ere grav nan rechechyo t ap fe tou. Isaac Newton se youn nan pi gwosyantifik ki te egziste nan kelkeswa epok la. Li temontre fason pezante a lye planet yo, etwal yo akgalaksi yo pou l fe yo fe yon sel linive. Li te envantesa yo rele kalkil entegral la ki se yon branch nanmatematik moun itilize pou desen yo fe sou odi-nate, pou vwayaj nan lespas ak nan fizik nikleye.Sepandan, Newton te pratike alchimi tou ki se yonfo syans ki itilize astwonomi ak fomilmajik nan en-tansyon pou fe plon ak kek lot metal tounen lo.Pandan plis pase 1500 an, gen yon astwonom

grek ki rele Ptolemee ki te eksplore syel la ak je lselman. Li te konn byen gade planet yo nan syel lale l te aswe e li te vin fo anpil nan trase kat. Sepan-dan, li te kwe te a se te sant tout bagay. Men saCarl Sagan, yon astwofizisyen, te ekri sou Ptole-

mee: “Teyori l te fe konsenan te a ki se sant linive ate gen gwo enpak pandan 1500 ane, sa se yon rapelki montre nou se pa paske yon moun gen kapasiteentelektyel ki fe li pa ka twonpe l.”

Jodi a, syantifik yo fe fas ak menm defi yo nanrechech y ap fe yo.

`Eske y ap janm jwenn yon espli-

kasyon ki konple sou linive? Byenke li apwopriyepou n rekonet pwogre lasyans fe ak byenfe noujwenn grasa pwogre sa yo, li esansyel pou n sonjelasyans gen limit tou. Men sa Paul Davies, yon fizi-syen, te fe konnen: “Rechech moun ap fe pou yojwenn yon sistem ki lojik e ki definitif ki bay yonesplikasyon ki konple e ki pa gen kontradiksyonsou tout bagay se yon rechech ki kondane pou lechwe.” Pawol sa yo di yon verite moun pa ka kon-teste: Lezom pa ka rive konprann tout bagay nanlanati. Kidonk, deklarasyon ki fe konnen lasyansgen kapasite pou l bay yon esplikasyon sou tout saki egziste se deklarasyon moun dwe pran ak anpilprekosyon e li toutafe rezonab pou yo aji konsa.

Men pawol Bib la di konsenan mevey ki nan la-nati yo: “Sa se yon ti kal nan tou sa [Bondye] fe.Se sa ase ki resi rive nan zorey nou!” (Job 26:14).Genyon gwokantite konesans ki rete toujou lezompa ka rive konnen ni konprann yo. N ap dako pa-wol apot Pol te ekri sa gen preske 2000 an yo tou-jou verite: “Ala anpil riches ak sajes ak konesansBondye genyen yo anpil! Ala sa enposib pou moundekouvri jijman l yo e pou yo rive jwenn tras che-men l yo!” — Women 11:33. ˇ

Lasyans gen limit

Page 7: Èske lasyans ranplase Bib la?

Kek konsey lasyans pa bayByenke lasyans bay moun konesans sou lanati, Bib labay lezom prensip ak konsey k ap pemet yo viv anpe younak lot e k ap pemet yo mennen yon vi ki bay ke kontanak satisfaksyon. Ann egzamine egzanp ki vin apre yo.

Li kle, Bib lakonble bezwennou nan plizyedomen kotelasyans paka fe sa.

Prevansyonkont krim

Respekte lavi“Piga nou touye moun.”— Egzod 20:13.“Yon moun ki rayi fre l seyon asasen.” — 1 Jan 3:15.

Fe lape epi pousuiv li“Vire do bay sa ki mal, epi fesa ki byen. Cheche jwenn lape,epi pousuiv li.”— Som 34:14, NW.“Moun k ap fe lape yo apsimen semans fwi jistis lanan lape, e y ap rekolte fwili bay.” — Jak 3:18.

Evite vyolans“Jewova li menm egzamineni moun ki dwat ni moun kimechan, e kelkeswa mounki renmen vyolans, nanmLi rayi l vreman.”— Som 11:5, NW.“Pa anvye so moun vyolan an,nitou pa chwazi okenn nanwout li yo. Paske moun ki ma-gouye a se yon bagay ki detes-tab pou Jewova.” — Pwoveb3:31, 32, NW.

Ke kontannan yon fanmi

Obeyi paran w“Timoun, se pou nou obeyi pa-ran nou ann inyon ak Seye a,paske se yon bagay ki jis.‘Onore papa w ak manman w.’Sa a se premye komandmanki mache ak yon pwomes: ‘Pousa ka ale byen pou ou, e pou wka rete lontan sou te a.’ ”— Efezyen 6:1-3.

Byen anseye pitit ou“Pa irite pitit nou, men konti-nye leve yo nan disiplin Jewovaak nan avetisman l bay.”— Efezyen 6:4.“Pa irite timoun nou yo,dekwa pou yo pa dekouraje.”— Kolosyen 3:21.

Gen lanmou ak respepou konjwen w“Se pou nou chak renmenmadanm nou menm jan aktet nou. Madanm nan, bo kotepa l, dwe gen yon gwo respepou mari l.” — Efezyen 5:33.

Pwotejelanati

Anpalan de moun ki t ap polyete a dives fason nan Izrayeltan lontan an, Bib la te di:“Moun yo pa respekte peyiBondye a [...] moun ki rete soulate ap peye pou sa yo te fe kimal.” (Ezayi 24:5, 6). Bondyepral mande moun ki chwazidetwi anviwonman an kont.Li pral “detwi moun k ap detwite a”. (Revelasyon 11:18.) Yopap ka chape anba konsekansaksyon yo.

Page 8: Èske lasyans ranplase Bib la?

8 TOUDEGAD

KI JAN W santi w le w sonje ou gen pou w vyeyi?Gen anpil moun sa ba yo pwoblem, yo enkye e yo

konn menm vin pe. Rezon an se paske vyeyes macheak anpil bagay negatif tankou moun nan komanse pa-ret granmoun, ko l vin frajil, li komanse pedi memwae li vin gen anpil maladi ki kwonik.Sepandan, verite a seke tout moun pa vyeyi menm

jan. Gen kek moun ki plizoumwen gen bon sante nandomen fizik ak mantal le y ap vyeyi. Gen lot moun,pwogre lamedsin fe yo ede yo trete maladi kwonik yogenyen oswa yo ede yo gen kontwol sou yo. Kom re-zilta, nan kek peyi, chak jou, gen plis moun ki viv pilontan e yo viv pi an sante.Sepandan, pifo moun ta renmen byen vyeyi kit yo

rankontre pwoblem ki gen rapo avek laj kit yo pa ran-kontre pwoblem sa yo. Ki jan y ap rive fe sa? Nan yonsetenmezi, sa depannde atitid nou, volonte nouakka-pasite nou genyen pou n adapte n ak nouvo etap sa anan lavi a. Pou n ede w nan domen sa yo, annou egza-mine kek prensip biblik ki senp e ki pratik.

SE POU N MOD`ES: “Se lakay moun ki modes nou

jwenn sajes.” (Pwoveb 11:2, NW). Nan konteks vesesa a, “moun ki modes” yo ka fe referans ak moun kiaje ki rekonet laj yo fe yo gen limit e yo aksepte si-tiyasyon sa a, yo pa ni eseye nye sa ni eseye bay savag. Charles gen 93 an, l ap viv Brezil, e li reyalis le ldi: “Si w viv lontan, w ap oblije vyeyi. Pa gen okennmwayen pou w vin jen anko.”Sepandan, gen modesti pa vle di adopte yon atitid

negatif tankou: “Mwen fin granmoun, pa gen anyenanko pou mwen nan lavi.” Yon atitid konsa ka fe yonmoun pedi antouzyas li. Men sa nou li nan Pwoveb24:10 (NW ): “

`Eske w montre w dekouraje nan jou de-

tres? Fos ou ap piti.” Olye de sa, yon moun ki modesdemontre l gen sajes, li eseye fe sa l ka fe ki pi bon an.

Corrado gen 77 an e l ap viv ann Itali. Men yon pa-wol saj li di: “Le w ap kondui yon machin k ap monteyonmon, ou jis chanje l vites pouwevite mote a kale.”Wi, le yon moun ap vyeyi, li bezwen fe kek ajisteman.Corrado ansanm ak madanm li te aplike yon metodki ekilibre konsenan travay nan kay. Yo te suiv yonpwogram ki modere e ki rilaks yon fason pou yo pasanti yo fatige konpletman nan fen jounen an. Ma-rian gen 81 an, l ap viv Brezil, e li adopte yon metodki reyalis tou anrapo ak vyeyes. Men sa l di: “Mwenaprann konnen nan ki rit ko m ka travay. Le sa nesese,

Fason nou kabyen vyeyi

SE POU N MOD`ES

Page 9: Èske lasyans ranplase Bib la?

1ye JEN 2015 9

mwenpran poz ki kout le m ap travay. Mwen chita ou-byenmwen kouche poum li oswa poum koute mizik.Mwen aprann konnen limit mwen e m respekte yo.”

SE POU N EKILIBRE: Se pou “medam yo fe bebel aktet yo ak abiman ki korek. Y ap fe sa yon jan ki senpe avek bonsans”. (1 Timote 2:9.) Ekspresyon “abi-man ki korek” la vle di pou n ekilibre e pou n gen bongou. Barbara gen 74 an, l ap viv Kanada. Men sa ldi: “M fe efo pou m abiye yon fason ki byen aranjee ki pwop. M pa vle paret kom yon moun ki neglijane ki gen yon atitid tankou: ‘Mwen granmoun, m pabay aparans mwen regle anyen pou mwen.’” Fern gen91 an, l ap viv Brezil. Men sa l di: “Detanzantan, mwenachte kek nouvo rad pou m ka remonte moral mwen.”Ki sa nou ka di konsenanmesye ki aje yo? Men sa An-tonio ki gen 73 an k ap viv Brezil fe konnen: “Mwen fetout sa m kapab pou m byen abiye le m mete rad kipwop e ki fre.” Sou kesyon ijyen nan, men sa l di:“Mwen benyen epi mwen raze m chak jou.”Yon lot bo, li enpotanpou n evite enkyete npou apa-

rans nou opwen pou n ta bliye aji avek “bonsans”.Bok-im gen 69 an, l ap viv Kore disid e li gen yonpwennvi ekilibre sou abiman. Men sa l di: “M konnenli vremanpa apwopriye poummete kek radm te konnmete le m te jen.”

SE POU N POZITIF: “Le ou nan lafliksyon, chak jouse pwoblem. Men, le ke ou kontan, lavi se yon fet

pou ou.” (Pwoveb 15:15). Pandan n ap vyeyi, nou kagen kek panse negatif le n ap sonje fos nou te genyenle n te jen ak kantite bagay nou te ka fe le sa a. Noukonprann sa. Sepandan, fe efo pou n pa kite panse ne-gatif sa yo venknou. Le n appanse toutan akpase nou,sa ka fe nou tris e nou ka dekouraje fe sa nou toujouanmezi pou n fe. Joseph gen 79 an, l ap viv Kanada e lipanse yon fason ki pozitif. Men sa l fe konnen: “Mwenfe efo poumpranplezi nan bagaymwen ka fe e poumpaplede applenyenpoutet bagaymwen te konn fe lon-tan men mwen pa ka fe kounye a.”Anplis de sa, le nou fe lekti e nou aprann lot bagay,

sa fe nou santi noupi pozitif, sa ka ouvri lot orizonpounou. Kidonk, depi sa posib, cheche okazyon pou nfe lekti e pou n aprann bagay ki nouvo. Ernesto gen74 an, l ap viv Filipin e li konn al nan bibliyotek pou lcheche liv ki enteresanpou l li.Men sa l di: “Mwen tou-jou renmen sansasyon liv avanti yo bay, mwen kontandeske, pandan mwen lakay mwen, mwen ka vwayajegrasa istwa ki nan liv sa yo.” Lennart gen 75 an, l apviv nan peyi Lasyed, e li te menm leve gwo defi ki gen-yen pou yon moun aprann yon nouvo lang.

SE POU N RENMEN BAY: “Pran abitid bay, e mounap ban nou.” (Lik 6:38). Pran abitid pataje yon patinan tan nou ak kek resous nou genyen ak lot moun.Sa ap fe nou santi nou reyalize yon bagay e sa ap bannou ke kontan. Hosa gen 85 an, l ap viv Brezil, e li fe

SE POU N EKILIBRE SE POU N POZITIF SE POU N RENMEN BAY

Page 10: Èske lasyans ranplase Bib la?

gwo efo pou l ede lot mounmalgre li limite nan domenfizik. Men sa l di: “Mwen rele zanmi mwen genyen kimalad yo oubyenki dekouraje yonan telefon epimwenekri yo kek let. Pafwa mwen voye kek ti kado pou yo.Mete sou sa, mwen renmen fe manje poumoun ki ma-lad yo oswa m prepare yon dese pou yo.”Le nou renmen bay sa ankouraje lot moun pou yo

renmen bay tou. Men sa Jan ki gen 66 an k ap viv nanpeyi Lasyed fe konnen: “Le w demontre lanmou poulot moun, y ap demontre lanmou ak afeksyon pou outou.” Wi, yon moun ki renmen bay kreye yon atmosfekote moun yo ge e yo gen afeksyon, e lot moun ren-men sa.

SE POU N AMIKAL: “Moun k ap izole tet li ap chechepwop dezi egoyis li, l ap soulve kont tout sajes pra-tik.” (Pwoveb 18:1, NW). Byenke gen moman kote ouka anvi rete poukont ou, evite izole tet ou oubyen eviterete apa. Innocent gen 72 an, l ap viv nanpeyi Nijerya,e li renmen pase tan ak zanmi l. Men sa l di: “Mwenrenmen le m ansanm ak moun ki gen tout kalite laj.”Borje gen 85 an, l ap viv nan peyi Lasyed, men sa l di:“Mwen fe tout sa m kapab pou m nan mitan moun kijen. Eneji yo genyen fe m santimvin jen anko, omwen,nanmounmwenye pa anndan an.”Detanzantan, praninisyativ pou w envite zanmi lakay ou. Han-sik gen72 an, l ap viv Kore disid, men sa l di: “Mwen menmak madanm mwen renmen envite zanmi ki gen toutkalite laj, sa vle di granmoun ak adolesan, pou n paseyon ti tan ansanm oubyen pou n pran yon repa.”Moun ki amikal yo renmen gen konvesasyon ak lot

moun. Men, piske konvesasyon pa fet nan yon selsans, nou bezwen pran tan pou n koute lot moun.Montre nou enterese nan lot moun. Helena ki gen

71 an k ap viv nan peyi Mozanbik fe konnen: “Mwenamikal e mwen trete lot moun avek diyite. Mwenkoute sa y ap di poum ka konnen sa yo panse ak sa yorenmen.” Men sa Jose ki gen 73 an k ap viv Brezil fekonnen: “Moun yo renmen le yo ansanm ak mounki renmen koute, moun ki konn mete yo nan plaslot moun e ki enterese nan yo, moun ki konn felisitemoun nan moman ki apwopriye ak moun ki renmenbay blag.”Le n ap di sa nou panse, pran san nou pou nou ‘si-

zonnen pawol nou yo ak sel’. (Kolosyen 4:6.) Se pounou byen reflechi sou sa n ap di e se pou n ankourajan.

SE POU N REKONESAN: “Montre nou gen rekone-sans.” (Kolosyen 3:15). Le yon moun ap ede nou, sepou nou montre nou apresye ed li. Le nou demontrenou gen rekonesans sa ap ede nou vin gen bon rela-syon ak lot moun. Men sa Marie-Paule ki gen 74 ank ap viv Kanada di: “Sa pa gen lontan, mari m ave mte kite kay nou pou n t al viv nan yon apatman. Te genplizye douzen zanmi ki te vin ede nou. Nou pa t ka jisremesye yo. Nou te voye kek kat remesiman nou te fepou yo epi nou te envite kek nan yo vin pran yon repaak nou apre sa.” Jae-won gen 76 an, l ap viv Kore disid,e li apresye woulib li konn jwenn pou l al nan SalWayom nan. Men sa l di: “Mwen telman rekonesanpou tout ed mwen jwenn mwen fe tout sa m kapabpou m bay yon ti kob pou gaz. Pafwa mwen ba yo kekti kado e mwen ekri yo kek ti not pou m remesye yo.”

Sa k pi enpotan seke nou dwe rekonesan pou lavi.WaSalomon, yonwaki saj, te di: “Yon chenvivanmiyopase yon lyon mouri.” (Eklezyas 9:4). Wi, si nou genbon atitid ak volonte pou n adapte nou, li posib pounou byen vyeyi. ˇ

SE POU N AMIKAL SE POU N REKONESAN

Page 11: Èske lasyans ranplase Bib la?

1ye JEN 2015 11

Nan dat 20 janvye 1815, Thomas1 � Williams, zan-set mwen, te fet nan vil Horncastle nan peyi Anglete.Manman l mouri dezan apre, konsa, John Williamspapa l, te leve l li menm, se l la ak de fre l yo. John tebay Thomas fomasyon pou l vin yon bos chapant, menThomas te panse ak yon lot karye.

Nan epok sa a, moun te enterese anpil nan zafe re-lijyon toupatou nan peyi Anglete. John Wesley, yonpredikate, te kite Legliz anglete a pou l al fome SosyeteMetodis yo, yon gwoup ki te met aksan sou enpotanspou moun etidye Bib la pesonelman e pou yo evan-jelize. Anseyman Wesley yo te gaye toupatou tankoudife nan fore, e fanmi Williams te kwe anpil nan an-seyman sa yo. Thomas te vin yon predikate metodisepi byen vit li te volonte pou l al travay kom misyonenan Pasifik sid la. Nan mwa jiye 1840, li menm an-sanm ak madanm li Mary2 te ateri sou zile Lakeba�nan peyi Fiji, yon zile ki gen volkan e se kanibal ki teabite sou li nan epok sa a.

YO T AP VIV PAMI KANIBALPandan premye ane Thomas ak Mary te pase nan

Fiji, yo te rankontre anpil gwo difikilte. Yo te konn tra-vay pandan plizye edtan nan move kondisyon e nan

� Nimewo yo koresponn ak moun ki nan foto nan paj 12 akpaj 13 la.� Lontan yo te rele l zile Lakemba, li twouve l nan Fiji nan les

gwoup zile yo rele Lau a.

chale ki konn gen nan peyi twopikal. Mete sou sa,yo te fe fas ak yon seri sitiyasyon terib moun pa ka ra-konte tankou ge ant tribi, moun k ap toufe vev, mounk ap touye timoun piti, moun ki kanibal epi moun yopa t konn vle koute mesaj yo t ap preche a. Mary akJohn, premye pitit gason l lan, te tonbe malad e yo tepreske mouri. Nan ane 1843, men sa Thomas te ekri:“Ke m te sere anpil [...]. Mwen te preske pedi espwa.”Malgre sa,Maryave l te pesevere, yo te jwenn fos grasalafwa yo te genyen nan Jewova, Bondye yo a.Nan moman sa a, Thomas te pwofite byen sevi ak

konesans li genyen kom bos chapant pou l konstwipremye kay ki gen stil ewopeyen nanpeyi Fiji. Kay sa ate gen yon etaj ki ayere ak plizye lot bagay moden la-dan l ki te vreman eveye kiryozite Fijyen ki t ap viv nanzon nan. Jis anvan kay la fini, Mary fe Thomas Whit-ton3 Williams, dezyem pitit gason l lan, ki se zansetmwen.Nan ane 1843, Thomas ki te pi gran an te bay ed li

pou yo tradui Evanjil Jan an nan lang fijyen, yon tra-vay li te twouve ki difisil anpil�. Sepandan, li te yonantwopolog ki te gen don pou l byen obseve. Li te veyepou l ekri rechech li yo nan yon liv li te ekri ki rele Fiji

� John Hunt ki se yon misyone te tradui pifo nan liv ki nanNouvoTestaman an nan lang fijyen, yo te pibliye l nan ane 1847.Tradiksyon sa a remakab paske l itilize non Bondye “Jiova” nanMak 12:36, Lik 20:42 ak nan Travay 2:34.

BYOGRAFI

Yon eritaj ki la depiset jenerasyonDAPRE KEVIN WILLIAMS

Gen moun ki di mwen se papa m toupi. Fason m kanpe,fason m chita, fason je m fet ak bon tanperaman mgenyen se nan papa m mwen pran tout sa. Men, li kite yonlot bagay pou mwen tou, se yon eritaj ki se yon trezo ki lanan fanmi m depi set jenerasyon. Kite m esplike nou.

Papa m ap aprann mwen kekbagay sou eritaj fanmi nou an.

Page 12: Èske lasyans ranplase Bib la?

12 TOUDEGAD

ansanm ak Fijyen yo, (1858) [angle], yon liv klasik ki ra-konte lavi Fijyen yo t ap mennen nan 19yem syek la.

Apre 13 ane Thomas te fe ap travay di nan peyi Fiji,finalman, li te vin genpwoblem sante, e li te deplase alviv nanpeyiOstrali ak tout fanmi l. Apre yonbel karyebyen long antanke yon manm kleje, Thomas mourinan ane 1891 nan vil Ballarat ki nan Victoria.

YO JWENN “L`O” NAN LW

`ES

Nan ane 1883, Thomas Whitton Williams ansanmakmadanm li Phoebe4 te deplase ak fanmi yo ki te jenpou y al viv nan vil Perth ki nan lwes Ostrali. ArthurBakewell5 Williams, ki se dezyem pitit li e ki se pwo-chen zanset mwen, te gen nevan le sa a.Le Arthur te gen 22 an, li t al cheche fotin li nan Kal-

goorlie, yon vil ki te an devlopman e ki te gen min loladan l ki nanyondistans anviwon 600kilomet nan lesvil Perth. Nan vil sa a, li te li kek piblikasyon EtidyanLabib yo, jan yo te rele Temwen Jewova yo le sa a, te pi-bliye. Anplis de sa, li te fe yon abonman ak Toude-gad Siyon an. Arthur te renmen sa l te li yo, li te ko-manse pataje nouvo konesans li vin genyen an ak lotmoun e li te konn oganize reyinyon pou moun etidyeLabib. Se konsa aktivite moden Temwen Jewova yo tekomanse nan lwes peyi Ostrali.

Arthur te pale ak fanmi l tou sou sa li t ap aprannyo. Thomas Whitton, papa li, te dako pou Arthur aso-sye l ak Etidyan Labib yo,menThomasWhittonmouriyon ti tan apre sa. Phoebe, manman Arthur, ansanmak Violet ak Mary, ki se se Arthur, te vin Etidyan La-bib tou. Violet te vin yon evanjelizate aplentan oswayon pyonye. Arthur te di Violet se te “pi bon pyonye,

pyonye ki te pi zele e ki te travay pi di nan lwes peyiOstrali”. Petet Arthur te gen prejije, men egzanp Vio-let te bay antanke yon pyonye ki zele te gen gwo en-fliyans sou pwochen jenerasyon Williams nan.

Rive yon le, Arthur te marye e li t al viv nan Donny-brook, yon vil ki nan lwes Ostrali kote moun yo konnkiltive fwi. Nan vil sa a, moun yo te rele Arthur “Vyemoun fou pou 1914!” poutet zel li te genyen pou l pwo-klame pwofesi biblik ki atire atansyon moun sou anesa a�. Yo te sispann fawouche l le Premye Ge mondyalla te eklate. Arthur te toujou bay kliyan yon magazen lite genyen temwayaj e li te konn ekspoze piblikasyon bi-blik yo nan vitrin magazen an pou tout moun ka byenwe yo. Mete sou sa, li te mete yon pano nan vitrin nanki fe konnen nenpot moun ki ka pwouve doktrin Tri-nite a biblik l ap peye moun sa a 100 liv ostralyen. Ar-thur te rejte doktrin sa a Bib la pa anseye a yon fason kifem. Pa t janm gen moun ki te rive pran lajan sa a.Se lakay Williams yo, nan vil Donnybrook, Etidyan

Labib yo te konn etidye Labib an gwoup e se la yo tekonn fe reyinyon kongregasyon an. Annapre, Arthurte konstwi yon Sal Wayom oswa yon kote yo fe reyi-nyon, nan vil la, e se youn nan premye Sal Wayom kite genyen nan lwes Ostrali. Menm le li te gen plis pase70 an, li te konn met yon kostim ak yon kravat sou li,li monte sou yon cheval ki aje li te genyen ki rele Dolle li te konn al preche byen lwen toupatou nan distriDonnybrook la.

� Gade apendis ki gen tit “1914: yon ane ki gen anpil enpo-tans nan pwofesi biblik yo” ki nan liv Ki sa Labib anseye toutbon-vre? a. Se Temwen Jewova ki pibliye l e li disponib sou sit Ente-net www.jw.org/ht a.

1

Thomas Williams,yon minis metodis

(1815-1891)

2 Mary Williams(1816-1890)

3

Thomas WhittonWilliams

(1841-1902)

4

Phoebe Williams(1850-1926)

Sal Wayom nan,Donnybrook,Ostrali, 1947

5

Arthur BakewellWilliams

(1875-1959)

Page 13: Èske lasyans ranplase Bib la?

1ye JEN 2015 13

Pitit Arthur yo te vreman apresye egzanp papa yo teba yo antanke yon moun ki kalm e ki rezeve, men kizele tou. Florence6 youn nan pitit fi l yo te sevi kommisyone nan peyi End. Pitit gason Arthur yo, setadiArthur Lindsay7 ak Thomas, menm jan ak papa yo,yo te sevi kom ansyen pandan lontan nan kongrega-syon an.

P`OM LADY WILLIAMS YO DOUSArthur LindsayWilliams se papa granpe m, e moun

te konnen l kom yon moun ki gen bon tanperamane yo te renmen l poutet sa. Li te toujou gen tan poumoun e li te konn trete yo avek respe. Mete sou sa,li te konn chanpyon nan yon spo kote moun yo seviak yon rach pou yo koupe bwa. Pandan 12 ane, li techanpyonnan18 chanpyona rejyonal yo te oganize nanspo sa a.Sepandan, Arthur te yon ti jan enpresyone le Ro-

nald8 yon pitit gason l ki te gen dezan (granpe mwen),te pran yon rach e li te koupe yon ti pye pom ki bo kaykote fanmi nou te abite a. Avek anpil swen, manmanRonald te bande pyebwa a, e finalman, pyebwa a te baypom ki te dous yon fason remakab. Yo te rele pom yoLadyWilliams, se nan nouvo varyete pom sa a pom yorele Cripps Pink lan soti, se youn nan varyete pom kipi popile nan monn nan.Annapre, Ronald oubyen granpa, janmwen te konn

rele l la, te komanse gen objektif ki pi enpotan. Limenm ak granma te sevi pandan plizye ane antankevolonte nan plizye pwoje konstriksyon Temwen yo tereyalize nan peyi Ostrali ak nan zile Salomon. Kou-nye a granpa preske gen 80 an, li toujou ap sevi an-

tanke ansyen nan kongregasyon an epi li bay ed li nankonstriksyon ak renovasyon Sal Wayom ki nan lwespeyi Ostrali.

MWEN ONORE ERITAJ MWEN ANPou paran m yo, setadi Geoffrey9 ak Janice10 Wil-

liams onore eritaj fanmi nou an, yo te travay di pou yoleve Katharine, se m nan, ave m yon fason pou noubay prensip biblik yo anpil vale. Le m te gen 13 an,mwen te devlope pwop relasyon m ak Jewova. Pan-dan m t ap asiste yon asanble Temwen yo te oganize,m te tande yon manm Kolej santral Temwen Jewovayo, John E. Barr di jen ki te nan oditwa a pawol ankou-rajan sa yo: “Pinga nou gaspiye bagay ki pi presye nougenyen an, setadi posiblite nou genyen pou n konnenJewova e pou n renmen li.” Nan aswe, mwen te vwelavi m bay Jewova. Dezan apre, mwen te komanse nansevis pyonye a.

Jodi a, mwen12 pran plezi preche aplentan ak ma-danm mwen Chloe,11 nan Tom Price, yon vil andeyoki gen yon min ki nan nodwes nan pati lwes peyi Os-trali. Nou travay amitan pou nou pran swen tet nou.Paran m yo ak Katharine, se m nan, ansanm ak An-drew,mari li, ap sevi kompyonye nanPortHedland, kinan yon distans anviwon 420 kilomet nan no. Papa mave m ap sevi kom ansyen nan kongregasyon an tou.

Sa gen set jenerasyon, Thomas Williams, zansetmwen, te detemine pou l sevi Jewova Bondye nou an.Lafwa fanmi m yo te genyen ak travay yo te reyalizenan sevis Bondye a se yon eritaj yo transmet mwen.M santi mwen vreman beni paske mwen gen yon eri-taj espirityel ki rich konsa. ˇ

Ann End

6

Florence Williams(1911-2003) 7

Arthur LindsayWilliams

(1904-1984)

Nan Zile Salomon

8

Ronald Williams(1935-)

9

Geoffrey Williams(1962-)

1011

12

Kevin Williams(1986-)

Page 14: Èske lasyans ranplase Bib la?

14 TOUDEGAD

PISKE lezom gen lontan depi y ap itilize tem“antikris” la kom yon etiket pou yo kalifye

tout bagay komanse sou monak yo rive sou fimyo, li toutafe nomal pou n mande: Kiyes ki anti-kris la?

`Eske tem sa a gen yon rapo kelkonk avek

nou jodi a? Se seten, kote ki lojik pou n komansecheche idantite antikris la se nan Bib la kote temsa a paret senk fwa.

YO DEVWALE ANTIKRIS LASel ekriven nan Bib la ki itilize mo “antikris” la

se apot Jan. Ki fason li te dekri antikris la? Notepawol sa yo ki nan premye let li te ekri ki potenon l lan: “Timoun mwen yo, se nan denye ed-tan an nou ye, e kom nou te tande antikris la apvini, ebyen depi kounye a gen anpil antikris kiparet. Se sa k fe nou konnen se nan denye ed-tan an nou ye. Yo soti nanmitan nou, men yo pa tmenm jan avek nou [...]. Kiyes ki mante a, si sepa moun ki nye se Jezi ki Kris la? Men antikrisla: se moun ki nye Papa a ak Pitit la.” — 1 Jan2:18, 19, 22.Ki sa nou aprann nan pawol sa yo? Jan man-

syone “anpil antikris”, sa montre antikris lapa yon moun, men se yon gwoup moun. Mounoubyen oganizasyon ki konpoze antikris la si-maye manti toupatou, yo nye Jezi se Kris la oswaMesi a, epi yo eseye bay esplikasyon ki defomesou relasyon ki gen ant Bondye ak Jezi Kris, Pitit

li a. Moun ki konpoze antikris la fe konnen yo seKris oubyen yo se reprezantan l, men, piske “yosoti nan mitan nou”, yo abandone vre anseymanBib la bay. Mete sou sa, gwoup sa a te la le Jan teekri let li a nan “denye edtan an”, sa vle di nanfen epok apot yo.Ki lot bagay anko Jan te ekri sou antikris la?

Anpalan de fo pwofet yo, men ki avetisman l tebay: “Yonmesaj ki fe konnen Jezi Kris te vini nanlache, se yon mesaj ki soti nan Bondye. Men, yonmesaj ki pa fe konnen Jezi te vini nan lache, sepa yon mesaj ki soti nan Bondye. Anplis, se saki mesaj antikris la, mesaj nou te tande ki t apvini an, e kounye a ki deja nan monn nan.” (1 Jan4:2, 3). Apre sa, nan dezyem let la, Jan te tounensou pwen sa a le l te di: “Gen anpil blofe ki lagenan monn nan, yon seri moun ki pa rekonet JeziKris kom sila a ki te vini nan lache a. Se yomenmki blofe a e ki antikris la.” (2 Jan 7). Sa kle, Jan tekonnen antikris la se toutmoun ki chwazi sevi akrelijyon pou yo simaye manti sou Jezi ak sou an-seyman Jezi yo.

“FO PWOF`ET YO” AK “MOUN K AP F

`E

SA KI ILEGAL LA”Byen lontan anvan Jan te ekri konsenan moun

sa yo ki sevi ak relijyon pou yo bay manti, JeziKris te bay disip li yo konsey sa a: “Fe atansyonak fo pwofet yo k ap vin sou nou ak po mouton

Kiyes ki antikris la?

ˇ Gen yon fim ki pa gen lontan depi l paret ki rele Antikris.ˇ Gen yon gwoup mizik ki popile ki rele youn nan albom li fe yo Sipesta antikris.ˇ Friedrich Nietzsche, yon filozof nan 19yem syek la, rele youn nan liv li ekri yo Antikris la.ˇ Wa ak anpere ki t ap viv nan epok mwayennaj la te konn rele opozan yo antikris.ˇ Martin Luther, chef refom ki te gen nan peyi Almay la, te rele pap katolik women yo antikris.

Page 15: Èske lasyans ranplase Bib la?

1ye JEN 2015 15

sou yo, tandiske se lou voras yo ye pa anndan.”(Matye 7:15). Menm jan an tou, apot Pol te baykretyen ki t ap viv nan vil Tesalonik yo avetismansa a: “Pa kite pesonn pran tet nou nan okenn fa-son, paske jou sa a [jou Jewova a] pa gendwa riveanvan apostazi a vini, anvan moun k ap fe sa kiilegal la, pitit destriksyon an, paret akle.” — 2 Te-salonisyen 2:3.Konsa, nan premye syek la, fo pwofet yo ak

aposta yo te deja ap enfliyanse moun yo, yo t apfe tout sa yo kapab pou yo febli kongregasyon an.Tout moun ki t ap gaye manti e ki t ap sevi ak re-lijyon pou yo simaye manti sou Jezi Kris ak souanseyman l yo te fe pati “antikris” Jan te pale deli a. Pol te fe nou konnen pwennvi Jewova genyensou moun sa yo le l te di yo se “pitit destriksyon”.

F`E ATANSYON AK AKTIVITE ANTIKRIS YO JODI AKoman sa ye jodi a? Moun ak oganizasyon ki

konpoze antikris la toujou opoze ak Kris ansanmak anseyman l yo. Yo chwazi simaye manti aktwonpri nan entansyon pou yo met moun nankonfizyon sou idantite Jewova Dye, Papa a, akJezi Kris, Pitit la. Nou gen bonjan rezon pou n featansyon ak manti sa yo relijyon yo ap simaye.Annou konsidere de egzanp.Pandan plizye syek, legliz yo gaye doktrin Tri-

nite a, yo fe konnen Papa a ak Pitit la se menmmoun nan. Konsa, antikris la konfonn moun yoe li kache idantite Jewova Dye ak Jezi Kris. Mistesa a anpeche moun ki sense yo imite Jezi Kris e life l difisil pou moun sa yo pwoche bo kote Bon-dye jan Bib la ankouraje yo fe sa. — 1 Korentyen11:1; Jak 4:8.Legliz yo fe moun yo nan plis konfizyon toujou

le yo ankouraje yo sevi ak tradiksyon Labib ki re-

tire non Bondye, setadi Jewova, nan Bib la. Yo fesa malgre non Jewova paret anviwon 7000 fwanan teks orijinal Bib la. Ki rezilta sa bay? Idantitevre Dye a vin pi red pase yon miste.

Yon lot bo, lefetke anpil adorate ki sense kon-nen non Bondye se Jewova, sa ede yo vin pipwoch ave l. Se eksperyans sa a Richard te feapre l te fin gen yon konvesasyon ak de TemwenJewova. Men sa l di: “Yo te montre m nan Bib lanon vre Dye a se Jewova. M te sezi le m te tandeBondye gen yon non, yon bagay m pa t janm

tande anvan sa.” Depi le sa a, li chanje lavi l pou lka ann amoni ak prensip ki nan Bib la e pou l kafe Jewova plezi. “Lefetke m te aprann non Bon-dye, sa ede m vin gen yon relasyon sere ave l.”Pandan plizye syek, antikris la kenbe plizye

milyon moun nan fenwa nan domen espirityel.Men, le nou etidye Bib la nou kapab aprann vreidantite antikris la e nou ka libere anba manti aktwonpri antikris la sevi ak relijyonpou simaye yo.— Jan 17:17. ˇ

Apot Jan te konnen antikris la se tout mounki chwazi sevi ak relijyon pou yo simaye mantisou Jezi Kris ak sou anseyman Jezi yo.

Jezi te aveti disipli yo fo pwofet yo t apvin ak ‘po moutontandiske se lou vorasyo ye’.

Page 16: Èske lasyans ranplase Bib la?

wp

15

06

/01

-CR

15

02

25

KI SA LABIB

ANSEYE

toutbonvre ?

sTelechajeperyodik sa aak lot peryodikki deja paret gratis.

Bib la disponibnan plis pase100 lang souEntenet.

Al sou sit Entenetwww.jw.org/htoubyen skanekod sa a.

n

o

p

Ki sa k fe yon mounse yon bon paran?Yon kay kote paran yo renmen youn lot e yo respekteyoun lot se yon tre bon kote pou yo leve yon timoun (Ko-losyen 3:14, 19). Yon bon paran se yon moun ki ren-men pitit li e li felisite yo menm jan Jewova te felisitePitit gason l lan. — Li Matye 3:17.Papa nou ki nan syel la koute sevite l yo, e li bay san-

timan yo genyen enpotans. Li bon pou paran yo imiteJewova e pou yo koute sa pitit yo gen pou di yo (Jak1:19). Yo dwe aksepte santiman timoun yo genyen,san wete santiman negatif yo. — Li Nonb 11:11, 15.

Ki jan w ka leve pitit oupou l vin moun ki responsab?Antanke paran, ou gen otorite pou w etabli reg pou pi-tit ou (Efezyen 6:1). Imite egzanp Bondye. Li demontrelanmou li gen pou pitit li yo le li ba yo yon seri reg kibyen kle e li di yo konsekans sa ap genyen si yo dezo-beyi yo (Jenez 3:3). Sepandan, olye Bondye fose mounobeyi l, li anseye yo fason pou yo jwenn byenfe le yo fesa ki dwat. — Li Izayi 48:18, 19.

Fikse objektif pou w ede pitit ou renmen Bondye.Konsa, y ap aji avek sajes menm le yo pa ave w. Menmjan Bondye anseye nou grasa egzanp li ban nou, an-seye pitit ou pou yo renmen Bondye grasa egzanp ouba yo. — Li Detewonom 6:5-7; Efezyen 4:32; 5:1.

REPONS BIB LA BAY

LI L`OT REPONS BIB LA BAY

SOU ENT`EN

`ET

`ESKE W ANSEYE PITIT OUPOU L RENMEN BONDYE?

Pou w jwennplis enfomasyon,gade chapit 14nan liv sa a.Se TemwenJewova ki pibliye l.

Li sou sit Entenetwww.jw.org /ht a tou.

Tanpri, voye yon liv Ki sa Labib anseyetoutbonvre? pou mwen.LANG ��������������������������������������������������������������������������������

NON ����������������������������������������������������������������������������������

ADR`ES ������������������������������������������������������������������������������

�����������������������������������������������������������������������������������������

�����������������������������������������������������������������������������������������

�����������������������������������������������������������������������������������������

Gade nan paj 2 a pou w konn nan ki adres pou w ekri n.