DEKLARASYON - Ayiti 2054 · 2019. 5. 22. · Honorat, Buenos Aires - Argentine 40. Macr kenzy...
Transcript of DEKLARASYON - Ayiti 2054 · 2019. 5. 22. · Honorat, Buenos Aires - Argentine 40. Macr kenzy...
Pòtoprens 26 fevrye 2019
Pèp Ayisyen, Jenès Peyi D’Ayiti alawonbadè
Pwiske :
Nou reyalize apre 33 lane tranzisyon demokratik, Leta Esklizyon an bout,
Nou reyalize 7 fevriye 2019 tout moun te leve kanpe kont yon sistèm ki bout menm jan sa te pase tankou 7 fevriye 1986,
Nou reyalize ke lidè yo pa konprann apèl pèp la epi yo pa dakò fè depasman ni fè jefò ansanm,
Nou reyalize nou nan yon sitiyasyon eksepsyonèl kote elit yo an kriz, avni Repiblik la menase, koripsyon ak enpinite finn vòlè avni nou,
Nou reyalize politik yo depase, yo pa nan dimansyon kriz la; iresponsablite elit yo, fè yo paka chita ansanm pou sòti nou nan kriz la,
Nou reyalize gen yon gwo konplo kont lajenès, apre tout sa nou viv deja, yo vle ba nou gè sivil jounen jodi a,
Nou reyalize pwotagonis yo paka depase enterè pa yo, yon mannyè pou se enterè nasyonal la ki plase douvan. Yo pa konprann kriz la menm jan ak nou, yo pa konprann sistèm nan bout,
Nou reyalize yo ap prepare yon lòt okipasyon pou nou,
Nou reyalize nou paka avanse san nou pa antann nou sou yon lòt leta e ki dwe pou nou tout,
Nou reyalize ke nan vyolans anyen paka mache,
Nou reyalize nou rantre nan yon epòk ki vle moralizasyon vi piblik la ak pwogrè pou tout moun,
Nou reyalize nou menm jèn yo pa ka konte sou iresponsablite lidè vyolan ak kowonpi yo jiskaske yo pwouve nou lekontrè,
Nou reyalize se pa gouvènman ki pou ap plede chanje men se mòd Leta sa a ki dwe chanje,
Nou reyalize fòk gen lòt lidè ki emèje nan nouvèl dòn sa a e ki ka egzije rezolisyon kriz la ak chanjman konpòtman pwotagonis yo,
Nou deside angaje’n :
Pa gen wout pa bwa. Di djab bonjou lap manje ou pa di’l bonjou lap manje ou. Ayiti rantre nan yon lòt epòk. Tan tout voum se do a fini, tan leta se chwal papa a fini, tan yon ti gwoup ap souse majorite a ap jemi an fini, tan se nan vyolans pou tout bagay regle a fini, tan koripsyon ak enpinite taye banda a fini, tan enstabilite a fini, tan se letranje ki pou ap bann dikte a fini, tan kenn moun pa responsab la, tout moun koupab la fini ; tan konplezans ak inakseptab la fini ; tan gaspiyaj resous leta yo fini ; tan leta atè plat la revoli, tan pou gen yon ti gwoup moun ki gen kontwòl leta a fini.
Pa gen wout pa bwa nou menm kèk jèn nan jenerasyon konsyant lan, sak
te nan politik, sak pat nan politik, nou menm kite konn kanpe dèyè lidè ki depase sa yo, nou menm ki pat janm vle angaje nou devan sèn nan, nou menm ke yo monte kont nou menm ankò ; jodi a, nou fè yon depasman epi reponn osekou peyi nou, nan kòmanse mete tèt nou ansanm, nan òganize jefò nou, pou nou asime reskonsablite nou, kise pa kite nou mouri pou peyi a pa chanje.
Pa gen wout pa bwa sistèm nan bout, menm jan pwotagonis yo pa ka geri malad la ak atitid manfouben yo a, ak vyolans sa a. Sitiyasyon an fè apèl ak nouvo angajman politik, jefò pou viv ansanm nou amelyore kondisyon lavi nou, jefò pou nou viv nan lapè ak nan bon jan demokrasi kote nou pa oblije touye youn lòt pou pouvwa.
Pa gen wout pa bwa 90% popilasyon an paka fè yon jou ankò deyò Pwojè Nasyonal la; kidonk fòk gen yon nouvo projè nasyonal ki chita sou zewo monopòl, zewo eksklizyon, zewo eksplwatasyon, zewo koripsyon ; san-pousan libète, sanpousan pwogrè pou tout moun.
Pa gen wout pa bwa fòk gen yon lòt leta ki kanpe. Yon leta ki ka idantifye nou, reprezante nou, pèmèt tout pitit peyi a jwenn manje, jwenn laswen-yay, ledikasyon; yon leta ki ka pwoteje nou, asire nou, elve nou nan diyite, fè yo respekte nou ; yon leta ki ka pèmèt 90 pou san popilasyon an kreye richès ; yon leta ki pa bay ankenn moun privilèj odetriman yon lòt ; yon leta ki anlè tout moun san li pa oprese pèsonn, ki garanti libète chak moun. Lòt Leta sa a dwe tabli nan yon lòt konstitisyon. Lòt leta sa a dwe kòmanse sou bonjan legzanp, se pou sa pwosè Petwokaribe a dwe fèt.
Pa gen wout pa bwa fòk nou antann nou kounye la menm sou kijan demen ap ye pou nou ak pou pitit nou. Nou pa ka ekskli pèsonn men nou egzije yon nouvèl dòn ; nou angaje nou pou tout moun ka pwogrese nan rèv yo ak nan anbisyon yo, san se pa kraze nou oblije kraze youn lòt, sa vle di pwogrè nan libète.
Pa gen wout pa bwa, Ayiti ka vinn gran ankò; fòk gen yon angajman neyo-progresis jenerasyon nou an pran sou 35 lane kap vini la yo pou fè Ayiti vinn yon peyi pwospè, ki remarye ak diyite’l pou l ka selebre 250 lane endepan-dans li nan fyète. Se pou sa Ayiti 2054 se yon projè vizyonè ki chita sou 7 mach : Mach estabilite politik, mach modènizasyon ekonomik, mach rep-arasyon sosyal, mach predominans kiltirèl ak espòtif, mach soutnabilite anvirònmantal, mach lidèchip rejyonal, epi mach grandèt majè a.
Pa gen wout pa bwa nouvèl epòk sa a pa ka chita sou enstabilite ak fòm politik dilere sa a; nou lanse yon apèl solanèl ak jenès peyi d’Ayiti, isit kou lòt bò dlo ki kwè nan peyi nou toujou; ann reveye n, yo pap bay jenn gason ak jenn fanm plas sou tab la se pran pou nou pran plas nou; ann òganize nou, nouvo leta a se devwa nou, se reskonsablite pa nou e se kounye la menm, se pa demen.
Pou otantifikasyon :
1. Joseph Chanoine Charles
2. Phénil Gordon Désir
3. Louise Carmel Bijoux
4. James Jacques5. Pélex Flerème 6. Marie
Faydi Célan7. Alexandre Telfort Fils8. Ismona Eugène9. Wilfrid Gilles10. Johnny
Pierrelis11. Judin Merveus12. Cenes Fleurant13. Daniella
Jacques14. Milande Olivier,
Paris - France15. Claudy Jean16. Robenson Jean-Claude17. Helph Monod
Honorat18. Charles
Adré Janel, Cayes-Jacmel
19. Jordan H. Verdule20. Feland Jean
21. Eventz Leg-uerrier 22. Uguelin
Jean-Baptiste23. Louis-Jean A.
VIXAMAR24. Belijacques
Saint-Cleris25. Marcna
Andy Pierre 26. Roudy
Stanley Penn27. Hantz Joseph 28. Thony Louis29. Yves Fritz Ger-
ald Guerrier 30. Pierre Motler
St-Jacques31. Jean Junior
Philistin, New Jersey
32. Désilien Pierre, Paris
33. Marie Danielle Pierre-Charles
34. Huguens Louis35. Yves Bernard
Remarais 36. Wilberde
Alouidor37. Dimitry Sergio
Charles38. Wesly J. Lisme,
Fort-Lauderdale - USA
39. Hurdes Gastille Honorat, Buenos Aires - Argentine
40. Marckenzy Deterière, Mon-tréal - Canada
41. J ean Nesly Nestor, Jacmel
42. Degaule Sainvi-lus, Petit-Goâve
43. Marly Richelieu, Atlanta - USA
44. Nickerson Del-va, Grenada
45. Rémy Jean-Baptiste
46. Jean René Mompremier
47. Rosener Depestre
48. Thamar Julien, Montréal - Canada
49. Reyphel G. Désir De Larosa, Santo Domingo – Rép. Dominicaine
50. Samantha Plaisimond, Santiago - Chili
51. Dorante Jean Marc Arthur
52. Loukens André, Mexico - Mexique
53. Jean Claude Césaire
54. Valleray Remy55. Louis Mary
Saintil, Madrid - Espagne
56. Stanley Momperousse
57. Harmony Kenson, Môle Saint-Nicolas
58. Dawin-Schmid Bien-Aimé, Anse-à-Foleur
59. Francois Pedro, Cap-Haitien
60. Angeline Calix, Chansolme
61. Destiné Gary Edison, Bom-barde
62. Alouidor Roneck, Bas-sin-Bleu
63. Hernst Petit-Frère, Saint-Louis
64. Prospère Chérubin, Baie-de-Henne
65. Losier Saintilet, Jean-Rabel
66. Kathiana Duverneau, Cap-Haitien
67. Hilaire Jose, Ranquitte
68. Jean Montsly Colas, Saint-Ra-phael
69. Dieudonné Fer-naldo, Borgne
70. Auguste Castro-phy, La Victoire
71. Elma Edmond-son, Limonade
72. Claudin Dorsa-invil, Port-Magot
73. Dieujuste Su-zette, La Tortue
74. Guydior Osias, Cap-Haitien
75. Ronel Jean-Pierre, Quarti-er-Morin
76. Wilnise Chery, Plaine-du-Nord
77. Jodney Paul Alcimé, Cap-Haitien
78. Djenneeson Denius Denoyer, Acul-du-Nord
79. Prodin Etienne, Milot
80. Macelus Roldy
Norgaise, Pignon
81. Paulin Moreau, Anse-à-Pitre
82. Rosny Chenot, Fort-Liberté
83. Belijacques Saint-Cleris, Trou-du-Nord
84. Estephen Plac-ide, Capotille
85. Jean-Baptiste Frantz-Hubert, Mombin-Cro-chu
86. Wislin Manigat, Caracol
87. Hanson Louis, Port-de-Paix
88. Bertholin Pierre, Trou-du-Nord
89. Louidor Angelot, Sainte-Suzanne
90. Mettelus Dieu-cel, Vallières
91. Duckenson Francois, Capotille
92. Edson Francisque, Ouanaminthe
93. Wisky Sainvil, Sainte-Suzanne
94. Modlin Eugene, Les Perches
95. Wandy Francois,Terri-er-Rouge
96. Gregory Jean, Terrier-Rouge
97. Wilner Bastien, Mont-Organisé
98. Junior Mérisson Philippe, Desdunes
99. Saint Jean Daphené, Grande-Saline
100. Charles Djim-my, Verrettes
101. Alexis Wisly, Gonaives
102. Boute Prosper, Gros-Morne
103. Michel Wesley, Terre-Neuve
104. Jean-René Sainvil, Des-salines
105. Hyppolain Mercédat, L’Estère
106. Jacques Nedje, Saint-Marc
107. Enoch Seva, La Chapelle
108. Clevenson Lebrun, Pe-tite-Rivière
109. Ravenski de
Renato Pierre, Ennery
110. Widdy Saint-Jean, Saint-Marc
111. Valcourt Adler, Marmelade
112. Monfils Frantz, Anse-Rouge
113.Jhimmy Jean 114. Bendy Genes-
tant, Anse-Rouge115. Marc Vernel
Pigne, Belladère116. Dumorney Al-
thes, Mirebalais117. Jean Yves
Joseph, Bou-can-Carré
118. Nicolson Jo-seph, Hinche
119. Thony Guillau-me, Cerca-la-Source
120. Jean-Ricard Beligouette, Thom-assique121. Phenel Joseph, Cerca-Carvajal122. Jackenson
Milien, Thomonde123. Guerry Ocean,
Maissade 124. Cossy Jean
Ricardo, Léo-gane
125. Nadia Pierre Louis, Carre-four
126. Benny Pierre, Ganthier
127. Francius Bien-Aimé, Cornillon
128. Florando Senelus, Thom-azeau
129. Syliana René, Grand-Goave
130. Carly Anis, Petit-Goave
131. Jean Rony Alexandre, Port-au-Prince
132. Elysée Joseph, Pétion-Ville
133. Yves Joseph Geraldy, Delmas
134. Esai Fils, La Gonave
135. Fricardo Sain-telis, Baradères
136. Jean Lifaite Moise, Petit-Trou de Nippes
137. Ricardo Lau-rent, Miragoane
138. Saintil Emman-ise, Marigot
139. Badio Jean Kenol, La vallée
140. Roberto Lazarre, Grand-Gosier
141. Hector Leronde, Belle-Anse
142. Garaud Meuseline, Jacmel
143. Ronald Desir, Anse-à-Pitres
144. Dicxon Laloi, Bainet
145. Makendy Jean Pierre, Thiotte
146. Abdias Lysius, Saint-Louis du Sud
147. Luckner Clemenceau, Aquin/Fond-des-Blancs
148. Cadet James-on, Les Cayes
149. Pierre Laurent Denis, Tiburon
150. Pierre Marken-son Americain, Saint-Jean du Sud
151. Jordany Justin, Ile-à-Vache
152. Chery Benet, Chantal
153. Dodely Non-cent, Port-Salut
154. Alex Domi-nique, Jérémie
155. Maxime Mari-on, Arniquet
156. Germain Papouche, Jérémie
157. Jineau Pierre Paul, Montréal - Canada
158. Venel Geneus, Toronto - Canada
159. Daphnée France, Les Cayes
160. Edlinx Etienne, Ferrier
161. Woodsheinder Joseph, Pilate
162. Jean Ronel Fertil
163. Widny Philoma Telfort, Santia-go - Chili
164. Luckner Jean, Delmas
165. Lafrance Wilgems, Saint-Louis du-Nord
DEKLARASYON
Web : www.ayiti2054.org • Email : [email protected] ayiti2054