› wp-content › uploads › ... vizyon nou kijan li mache KONSÈNAN EKIP LA• Preferans seksyèl...

2
Se Depatman Konsèvasyon Lojman ak Devlopman Vil New York (NYC Department of Housing Preservation and Development, HPD) k ap jere Where We Live NYC, nan yon patenarya ak Otorite Lojman Vil New York (NYC Housing Authority, NYCHA) epi nan yon kolaborasyon pwòch ak plizyè patnè nan gouvènman an. Minisipalite Vil la ap kreye yon patenarya avèk Hester Street ak òganizasyon kominotè to lead pou genyen Konvèsasyon Kominote sou Where We Live NYC ak rezidan yo nan tout senk (5) minisipalite yo. Pami patnè yo, genyen: Ali Forney Center Arab American Association NY Asian Americans for Equality Banana Kelly Community Improvement Association Brooklyn Center for Independence of the Disabled Center for Court Innovation Center for Independence of the Disabled NY Chhaya CDC Fifth Avenue Committee Make the Road New York Neighbors Together SAGE Advocacy & Services for LGBT Elders Sapna NYC KONSÈNAN EKIP LA kijan li mache Where We Live NYC (Kote Nou Viv nan Vil New York) se yon pwogram Minisipalite vil la ap jere pou ankouraje lojman jis, fè fas a segregasyon, epi aji pou avanse opòtinite pou tout moun. Vil New York ap travay ansanm avèk lidè kominotè yo ak rezidan yo pou konprann pi byen kijan defi pou gen lojman jis tankou segregasyon ak diskriminasyon afekte lavi toulejou nou an. Ansanm, nou pral sèvi ak enfòmasyon sa yo pou devlope règleman ki ofri solisyon ak estrateji nou ka aji sou yo ki pral ede nou vanse nan direksyon yon Vil New York ki pi jis epi ki konsidere tout moun. vizyon nou patisipe Siksè Where We Live NYC depann sou patisipasyon rezidan New York tankou w. Asire w yo tande sa ou panse! Ajoute adrès ou nan lis la pou w konnen dènye nouvèl yo Chache konnen ki kote pou w patisipe oswa dirije yon konvèsasyon kominotè, oswa ale nan yon atelye piblik Pataje sa ou panse sou entènèt sou pwoblèm lojman jis yo Èske òganizasyon ou a enterese fè pati Gwoup Patiprenant Lojman Jis la? Kontakt: [email protected] vizite: nyc.gov/WhereWeLive pataje: #WhereWeLiveNYC atelye piblik OTÒN 2018 - ETE 2019 Evènman pou rezidan yo rete okouran sa k ap pase nan pwosesis la, aprann sou lojman jis, ak bati yon vizyon kolektif pou gide règleman yo patenarya ak gouvènman PRENTAN 2018 - OTÒN 2019 Kowòdinasyon avèk patnè nan gouvènman yo pou asire règleman pou jwenn solisyon yo konplè, posib, epi yo ka gen yon enpak konvèsasyon kominote ETE - OTÒN 2019 Konvèsasyon an kolaborasyon avèk òganizasyon ki baze nan kominote a pou angaje rezidan yo nan tout senk (5) minisipalite yo gwoup patiprenant lojman jis PRENTAN 2018 - OTÒN 2019 Yon opòtinite pou defansè, chèchè, founisè sèvis, ak lidè kominote yo bay kontribisyon yo analiz done PRENTAN 2018 - OTÒN 2019 Analiz apwofondi pou ede Minispalite vil la konprann pwoblèm lojman yo pi byen vil la aji Mete an plas règleman ki konbat kont diskriminasyon, kase baryè pou jwenn opòtinite, ak bati plis katye ki jis epi ki akeyi tout moun rapò where we live nyc PREMYE VÈSYON: PERYÒD LETE 2019 Disponib pou fidbak piblik la DOKIMAN FINAL: OTÒN 2019 Soumèt bay gouvènman federal la epi itilize pou gide règleman yo

Transcript of › wp-content › uploads › ... vizyon nou kijan li mache KONSÈNAN EKIP LA• Preferans seksyèl...

Page 1: › wp-content › uploads › ... vizyon nou kijan li mache KONSÈNAN EKIP LA• Preferans seksyèl • Eksperyans kòm yon viktim vyolans nan kay, vyolans seksyèl, oswa moun k ap

Se Depatman Konsèvasyon Lojman ak Devlopman Vil New York (NYC Department of Housing Preservation and Development, HPD) k ap jere Where We Live NYC, nan yon patenarya ak Otorite Lojman Vil New York (NYC Housing Authority, NYCHA) epi nan yon kolaborasyon pwòch ak plizyè patnè nan gouvènman an.

Minisipalite Vil la ap kreye yon patenarya avèk Hester Street ak òganizasyon kominotè to lead pou genyen Konvèsasyon Kominote sou Where We Live NYC ak rezidan yo nan tout senk (5) minisipalite yo. Pami patnè yo, genyen:

Ali Forney CenterArab American Association NYAsian Americans for EqualityBanana Kelly Community Improvement Association Brooklyn Center for Independence of the DisabledCenter for Court InnovationCenter for Independence of the Disabled NYChhaya CDCFifth Avenue CommitteeMake the Road New YorkNeighbors TogetherSAGE Advocacy & Services for LGBT EldersSapna NYC

KONSÈNAN EKIP LAkijan li mache

Where We Live NYC (Kote Nou Viv nan Vil New York) se yon pwogram Minisipalite vil la ap jere pou ankouraje lojman jis, fè fas a segregasyon, epi aji pou avanse opòtinite pou tout moun.

Vil New York ap travay ansanm avèk lidè kominotè yo ak rezidan yo pou konprann pi byen kijan defi pou gen lojman jis tankou segregasyon ak diskriminasyon afekte lavi toulejou nou an. Ansanm, nou pral sèvi ak enfòmasyon sa yo pou devlope règleman ki ofri solisyon ak estrateji nou ka aji sou yo ki pral ede nou vanse nan direksyon yon Vil New York ki pi jis epi ki konsidere tout moun.

vizyon nou

patisipeSiksè Where We Live NYC depann sou patisipasyon rezidan New York tankou w. Asire w yo tande sa ou panse!

Ajoute adrès ou nan lis la pou w konnen dènye nouvèl yo

Chache konnen ki kote pou w patisipe oswa dirije yon konvèsasyon kominotè, oswa ale nan yon atelye piblik

Pataje sa ou panse sou entènèt sou pwoblèm lojman jis yo

Èske òganizasyon ou a enterese fè pati Gwoup Patiprenant Lojman Jis la? Kontakt: [email protected]

vizite: nyc.gov/WhereWeLive pataje: #WhereWeLiveNYC

atelye piblikOTÒN 2018 - ETE 2019

Evènman pou rezidan yo rete okouran sa k ap pase nan pwosesis la, aprann

sou lojman jis, ak bati yon vizyon kolektif pou gide règleman yo

patenarya akgouvènman

PRENTAN 2018 - OTÒN 2019Kowòdinasyon avèk patnè nan

gouvènman yo pou asire règleman pou jwenn solisyon yo konplè,

posib, epi yo ka gen yon enpak

konvèsasyon kominoteETE - OTÒN 2019

Konvèsasyon an kolaborasyon avèk òganizasyon ki baze nan kominote a

pou angaje rezidan yo nan tout senk (5) minisipalite yo

gwoup patiprenant lojman jis

PRENTAN 2018 - OTÒN 2019

Yon opòtinite pou defansè, chèchè, founisè sèvis, ak lidè kominote

yo bay kontribisyon yo

analiz donePRENTAN 2018 - OTÒN 2019

Analiz apwofondi pou ede Minispalite vil la konprann pwoblèm lojman

yo pi byen

vil la ajiMete an plas règleman ki konbat kont

diskriminasyon, kase baryè pou jwenn opòtinite, ak bati plis katye ki jis epi ki akeyi tout moun

rapò where we live nyc

PREMYE VÈSYON: PERYÒD LETE 2019Disponib pou fidbak piblik la

DOKIMAN FINAL: OTÒN 2019Soumèt bay gouvènman federal la

epi itilize pou gide règleman yo

Page 2: › wp-content › uploads › ... vizyon nou kijan li mache KONSÈNAN EKIP LA• Preferans seksyèl • Eksperyans kòm yon viktim vyolans nan kay, vyolans seksyèl, oswa moun k ap

kisa lojman jis ye?

Batay pou lojman jis la gen yon istwa long nan Vil New York ak nan tout peyi. Atravè Where We Live NYC, Vil la ap ede devlope pwochen chapit nan règleman lojman jis ki konbat kont diskriminasyon, kase baryè pou jwenn opòtinite, ak bati plis katye ki jis epi ki akeyi tout moun.

LWA LOJMAN JIS LA (1968)pwoteje ou kont diskriminasyon lè w ap lwe, achte, oswa finanse kay ou, selon:

• Ras ou• Koulè ou• Peyi kote ou

soti• Relijyon ou

• Si ou se fi oswa gason

• Andikap ou• Eta sivil ou

1.LWA ETA NEW YORK ak LWA SOU DWA MOUN NEW YORK gen plis pwoteksyon ki baze sou:

• Laj• Sitwayènte• Travay legal oswa sous revni• Si ou se yon fi oswa gason, si ou

idantifye ou kòm yon fi oswa gason, oswa si ou aji eksprime tankou yon fi oswa gason

• Si ou marye oswa plase• Si ou gen timoun oswa gen plan

pou fè timoun alavni• Preferans seksyèl• Eksperyans kòm yon viktim

vyolans nan kay, vyolans seksyèl, oswa moun k ap tizonnen ou

• Sèvis militè

2.LWA SOU LOJMAN JIS LA egzije tou vil travay pou gen plis lojman jis Manda sa a se enspirasyon dèyè Where We Live NYC. Nan jefò sa a, nou pral pran etap pou konfwonte segregasyon ak abòde aksè inegal nan opòtinite atravè yon apwòch balanse:

• Pèmèt moun al viv nan katye yo vle oswa rete nan katye yo deja ap viv la, menm si l ap chanje

• Envesti egalman nan katye yo pou asire tout kominote yo gen resous yo bezwen pou yo pwospere

3.

Èske ou ka jwenn bon kalite, lojman abòdab nan katye kote ou vle viv la?

Èske ou gen opsyon pou voye pitit ou yo nan lekòl ki gen bon kalite edikasyon ak resous?

Èske ou tou pre bonjan transpò ki aksesib?

Èske katye ou a gen sekirite, li pwòp, ak konfòtab?

Èske ou konsidere katye ou gen tout kalite moun ladann ak akeyan?

poukisa lojman jis enpòtan?Nou konnen se pa tout

rezidan New York ki

jwenn aksè egalego

nan opòtinite vil nou

an gen pou ofri akòz

enjistis ki te gen depi

nan tan lontan jouk

jounen jodiya, ki

espesyalman afekte

moun ki pa blan yo.